contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Dekouvri

Panye

Haïti
Haïti
Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak EvolisyonKreyòl Ayisyen
Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak Evolisyon
Kreyòl Ayisyen
  • 03 Oktòb 2024
  • | 0

Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak Evolisyon

Kreyòl Ayisyen an, ki pran nesans nan 17èm syèk la pandan kolonyalizasyon Lafrans sou zile Hispaniola a, pa sèlman yon zouti kominikasyon; li se yon pati esansyèl nan idantite Ayisyen an. Malgre li te rekonèt kòm lang ofisyèl nan ane 1987, fransè a toujou konsidere kòm lang elit, sa ki kreye yon divizyon sosyal. Nan sistèm edikatif la, kote fransè a se lang ansèyman, Kreyòl la souvan neglije, sa ki afekte kapasite elèv yo pou konprann sa y ap aprann yo, espesyalman pou timoun ki soti nan zòn riral. Li gen yon estrikti gramatikal inik ki fasilite aprantisaj, li sèvi kòm yon mwayen ekspresyon kiltirèl nan literati, mizik, ak lòt atizay. Avansman teknoloji a ap pèmèt Kreyòl jwenn plis vizibilite nan medya sosyal, men stigmatizasyon lang lan toujou egziste. Se poutèt sa, li enpòtan pou Kreyòl la jwenn valorizasyon nan edikasyon ak lòt sektè, pou pèmèt nouvo jenerasyon k ap vini a grandi ak fyète pou eritaj yo.

Lang Kreyòl Ayisyen, ki se premye lang pou majorite moun nan peyi dayiti, pa sèlman yon mwayen pou kominike, men tou li se yon refleksyon richès kiltirèl ak istwa pèp la. Nan yon peyi ki chaje ak divèsite, Kreyòl la ak orijin li, evolisyon li ak plas li nan sosyete a, se yon temwayaj nan rezistans ak adaptasyon.

Orijin Kreyòl Ayisyen

Kreyòl Ayisyen an se yon lang ki te pran nesans nan 17èm syèk la, pandan Lafrans te etabli yon koloni nan lwès zile Hispaniola a, jodi a ki se Ayiti. Men orijin li remonte tou nan peryòd dominasyon espanyòl la. Lè espay te premye etabli yon kolonizasyon sou zile a nan 15èm syèk la, se te tayinòs yo ki te okipe espas la. Kontak de pèp sa yo te devlope nan mitan yo, yon zouti kominikasyon. Apre ekstèminasyon tayinòs yo, yo te al chèche nwa nan divès rejyon an afrik pou travay nan plantasyon yo. Rive nan koloni an, esklav nèg nwè yo pote kontribisyon pa yo nan emèjans zouti sa a avèk mo ki sot nan lang yo pale a.

Rezon ki fè lang kreyòl nou an gen yon baz leksikal fransè,se paske fransè yo te fè plis tan ap kolonize nou. Yo te pran kontwòl pati lwès zile a avèk trète wiswik nan lane 1697 pou rive 1804, yo te etabli yon sistèm ki te depann eksklizivman sou travay esklav Afriken yo. Kolon fransè yo te sèvi ak lang franse a kòm lang ofisyèl. Pandan esklav yo te chèche kominike youn ak lòt, menm ak kolon fransè yo. Vin gen kreyasyon yon nouvo lang ki te fasilite kominikasyon ant diferan gwoup moun sa yo. Kreyòl la, ki gen baz leksikal fransè ,men enkòpore anpil mo ak estrikti gramatikal ki sòti nan lang Afriken yo,lan tayinos yo ak lang espanyòl l, sa ki fè li yon lang rich ak dinamik.

Nan lane 1987, lang Kreyòl Ayisyen an te rekonèt kòm lang ofisyèl nan konstitisyon peyi a, sa ki te reflete yon chanjman nan panse politik ak sosyal peyi a. Anpil Ayisyen, te wè sa kòm yon rekonesans idantite kiltirèl yo. Men, malgre sa, anpil moun te toujou kwè lang fransè a, ki te konsidere kòm lang elit la, te pi bon. Sa a te kreye yon divizyon ant moun ki pi alèz pou pale Kreyòl la ki se lang matènèl yo ak sa yo ki ka di de mo fransè e ki bay lang sa a plis valè to

Estrikti ak Dimansyon Kreyòl Ayisyan

Kreyòl Ayisyen an gen yon estrikti gramatikal ki menmjan ak tout lang, li inik nan konpreyansyon ak itilizasyon. Lang sa a gen pwòp règ li, sa ki pèmèt kominote a kominike avèk efikasite san konfizyon. Pa egzanp, Kreyòl la pa gen fè vèb ak yon sistèm ki baze sou tan, sa ki rann li pi aksesib pou moun ki ap aprann li. Sa fè li yon lang ki adapte ak bezwen kominote a, pèmèt yon pi bon konpreyansyon ak yon pi fasil entèraksyon.

Fonoloji ak mòfoloji Kreyòl Ayisyen an se lòt aspè ki fè li enteresan. Kreyòl la gen 32 fonèm, ki enkli vwayèl ak konsòn. Sistèm fonolojik la pèmèt distenksyon ant mo yo, sa ki esansyèl pou konprann sans fraz yo. Mòfoloji a, ki konsène fòmasyon mo yo, pèmèt konbinezon yo pou kreye nouvo sans. Sa a montre kijan lang lan se yon sistèm ki dinamik.

Anplis aspè estrikti li yo, Kreyòl Ayisyen an sèvi tou kòm yon zouti pou ekspresyon kiltirèl. Nan mizik, literati, ak lòt fòm atizay, li se yon mwayen pou pataje istwa, tradisyon, ak valè kiltirèl ki enpòtan pou pèp la. Li se yon pati entegral nan idantite Ayisyen an ki pèmèt yo eksprime sa yo santi, sa yo panse, ak sa yo kwè. Li pa sèlman kòm yon zouti kominikasyon, men kòm yon pati vivan nan kilti Ayisyen an

Kreyòl Ayisyen nan Edikasyon

Malgre enpòtans li, Kreyòl Ayisyen an souvan neglije nan sistèm edikatif ann Ayiti. Lekòl yo sèvi ak lang fransè a kòm lang ansèyman, sa ki kreye yon baryè pou timoun ki sòti nan zòn riral, kote Kreyòl se lang matènèl. Baryè sa a ka afekte kapasite timoun yo pou konprann sa yo ap aprann, sa ki mennen nan yon mank enterè ak angajman nan edikasyon an. Mank itilizasyon Kreyòl nan klas yo tou kreye yon distans ant elèv yo ak sa yo ap etidye a, paske yo pa ka konekte avèk kontni an nan lang yo santi yo plis alèz ak li a.

Pou adrese pwoblèm sa a, dwe gen yon chanjman nan sistèm edikatif la ki ta dwe ankouraje itilizasyon Kreyòl kòm lang ansèyman. Entegre l nan edikasyon pa sèlman fasilite aprantisaj, men li valorize patrimwàn kiltirèl la, sa ki enpòtan pou devlopman yon sans de fyète ak idantite. Lè timoun yo aprann nan lang yo konnen depi yo piti, yo ka devlope yon pi bon konpreyansyon sou kontni an, e sa ka amelyore rezilta akademik yo.

Gen plizyè modèl ansèyman ki ka aplike pou soutni chanjman sa a, tankou ansèyman biling oswa triling, ki ka pèmèt elèv yo aprann nan matènèl yo tout pandan y ap ekspoze yo a lòt lang. Modèl sa yo ka ranfòse koneksyon ant elèv yo ak sa yo ap aprann. Anplis, sa a ka ede timoun yo devlope kapasite pou jere plizyè lang, sa ki se yon konpetans enpòtan nan yon mond ki vin globalize

Kreyòl Ayisyen: Yon Lang Vivan

Kreyòl Ayisyen an pa sèlman yon zouti pou kominikasyon; li se yon platfòm pou refleksyon sou istwa ak kilti Ayisyen an. Nan literati, anpil otè tankou Jacques Roumain ak Edwidge Danticat itilize Kreyòl nan travay yo,gen anpil lòt ki pibliye roman ak rekèy powèm yo an kreyòl, pou montre konpleksite ak bèlte lang lan. Sa a bay yon vwa pou ekspresyon kiltirèl ki pèmèt pèp Ayisyen an rakonte pwòp istwa yo, pataje tradisyon yo, ak reflechi sou defi yo.

Avèk avansman teknoloji a, Kreyòl Ayisyen an ap jwenn plas tikras pa tikras nan medya sosyal ak lòt platfòm dijital. Sa a pèmèt yon nouvo jenerasyon pou ekspresyon nan lang yo ak pou pataje kilti yo atravè mond lan. Anplis, itilizasyon Kreyòl nan medya dijital la kontribye nan amelyore vizibilite lang lan, sa ki enpòtan pou devlopman yon konsyans kiltirèl kolektif ak pou atire atansyon sou pwoblèm ki afekte kominote Ayisyèn nan.

Malgre pwogrè sa yo, anpil Ayisyen fè fas ak stigmatizasyon, ki ka fè yo santi yo ap degrade lè yo itilize lang matènèl yo, espesyalman nan kontèks administratif yo,ak espas ki asosue ak fransè. Se poutèt sa li enpòtan pou nou kontinye travay sou valorizasyon lang lan nan tout sektè, ki gen ladan edikasyon, medya, ak kilti. Se sèlman atravè efò sa yo ke Kreyòl la ka vin yon lang ki respekte, ki valorize, ak ki itilize nan tout aspè nan lavi Ayisyen an.

Pou fini, Kreyòl Ayisyen an nou te ka rele " lang ayisyen" an, li se yon pati esansyèl nan idantite pèp Ayisyen an. Avèk yon istwa ki ranpli ak rezistans ak adaptasyon, lang sa a dwe valorize kòm yon zouti pou edikasyon, kominikasyon ak ekspresyon kiltirèl. Pou yon avni pi klere pou Ayiti, li enpòtan pou mete Kreyòl la nan sant sistèm edikatif la, pou timoun yo ka grandi nan yon anviwònman ki respekte lang yo, kilti yo, ak idantite yo. Se sèlman lè nou valorize Kreyòl la kòm lang ansèyman, nou ap pèmèt yon jenerasyon ki gen plis konesans ak plis fyète nan eritaj yo.

Pataje
Konsènan otè a
Jarule Laguerre

    laguerrejarule916@gmail.com

    Gade lòt atik Jarule Laguerre
    Kite yon kòmantè

    Dènye piblikasyon yo

    Petit-Goave, Ayiti: Dekripte 3èm weekend rara a!

    Li pi evidan ke nan Petit-Goave espas medya yo absòbe nan rivalite ant Ratyèfè, trip chanpyon ak lambi gran lambi dlo, yon ansyen chanpyon. Wikenn ki sot pase a te yon lòt fwa ankò prèv irréfutable tansyon medya yo sou de gwoup rival sa yo. Avèk yon aparans ki sanble ak kanaval, klib fanatik premye a abiye ak yon chemiz blan, jip kout zoranj-jòn, kravat koulè wouj violèt, bòt nwa; lòt la abiye ak yon chapo tradisyonèl, jersey jòn, pantalon wouj, soulye tenis wouj oswa jòn. Maryaj koulè sa a ak gou kanaval se ekspresyon divèsite kiltirèl jan La Fontaine te di nan liv li istwa ak istwa kout "divèsite se deviz mwen." Fòmil sa a ka byen adapte ak rara a. Si se vre nan Léogane maryaj koulè sa a egziste depi lontan. Se pa mwens vre ke sa te fèt nan Petit-Goave paske nou te oblije tann gwo retou Ratyèfè an 2018 pou wè klib fanatik rara yo abiye yon fason diferan chak nouvo wikenn. Samdi pase a, plis pase yon moun te espere yon nouvo fas a fas ant Lambi gran dlo ak Ratyèfè paske dènye a te pran lank nan direksyon 2èm plenn lan ak dènye a, nan direksyon sant vil la. Mwens pase nan nenpòt lòt sikonstans, duel sa a nan tèt la te evidan Si pou kèk kòmantè se te yon opòtinite favorab pou Lambi pran revanj li sou rival li a konpare ak wikenn anvan an paske li te fè pwofil la byenke li te gen avantaj la. li te de kont youn (Lambi,chenn tamarin vs Ratyèfè). Gwo avantaj sa a pa t travay an favè yo paske èdtan ki te pase yo te travay kont yo, kòm prèv yo te al dòmi pandan ratyèfè te rete pou yo jwe pou pi piti 30 lòt tou. Etonan, men se pa etonan pandan reyinyon an ke mwens pase youn te tann lontan, nan Acul la ki pa lwen legliz Sen Jean-Baptiste, lambi te deside pa jwe ankò. Sepandan, daprè koutim ak kostim rara a lè gen de gwoup, moun ki sispann jwe an premye, montre feblès ak rann tèt. Kidonk, lòt moun ki opoze a pa bon ak bon moralite pa gen lòt chwa pou fè menm jan an. Sa rive pou ennyèm fwa fòmasyon gwo pouvwa a (lambi grand dlo) pa t kapab pran revanj sou rival li a. Pou anpil jounalis kiltirèl ki te prezan pou temwen evènman sa a pa t gen lang nan pòch yo pou bay enpresyon yo sou pèfòmans mons Ratyèfè. Sa a se pou Brignol, yon kòmantè kiltirèl ki te mande si Ratyèfè te gen dyab la nan kò l ’pou moun ki pi enkredilite yo te nan santi yo nan lajwa. Nan dimanch aswè mons animasyon sa a yon lòt fwa ankò kite mak li nan atizay la nan konesans li yo. Se sa ki esplike prèske inanimite nan mitan jounalis kiltirèl Petit-Goâve pou bay gwoup sa a premye plas pou pèfòmans li ak disiplin mizik li. Kidonk, pou wikenn sa a dapre sèk jounalis kiltirèl Petit-Goave ak apwobasyon anpil lòt kòmantè kiltirèl. Nou gen klasifikasyon sa a: 1er Ratyèfè 2yèm Grap Kenèp 3yèm Orgueil de la jeunesse

    Newsletter

    Abòne ak bilten nou an pou w rete enfòme de tout aktivite nou yo ak aktyalite sou Ayiti.

    Appolon Guy Alain: Web Designer Referans an Ayiti

    Nan mond devlòpman entènèt k ap chanje tout tan an, gen kèk non ki kanpe pou ekspètiz yo, kreyativite yo ak angajman yo pou pataje konesans yo. Pami yo, Appolon Guy Alain briye tankou yon limyè nan endistri web design an Ayiti. Avèk plis pase 70 sit entènèt nan kredi li, sistèm intranet ak anpil lòt pwojè, li rekonèt kòm yon referans enkontournabl nan domèn li. Sa ki fè travay Apolon apa se entèfas atiran li kreye. Sit tankou https://haitiwonderland.com/, https://leadersdedemain.org/, https://shippex.net/, https://telehaiti.ht/, https://www.kelphotographystudio.com/, https : //leparadishaitien.ht/, https://beltike.com/ ak anpil lòt moun, demontre talan eksepsyonèl li pou konbine estetik ak fonksyonalite nan yon fason Harmony. Kle a nan siksè Apolon nan manti nan kapasite li nan rantre atizay ak teknoloji. Anvan li te vin yon syantis enfòmatik akonpli, li te deja yon pent, yon mizisyen pwofesyonèl ak yon designer grafik òdinatè. Divèsite talan sa a ba li kreyativite ekstraòdinè, sa ki pèmèt li imajine entèfas inik ak memorab. Men, Apolon non sèlman kreye sit entènèt remakab, li tou san gad dèyè pataje konesans li ak eksperyans li. An Desanm 2022, li te lanse Coding Club Ayiti, yon inisyativ ki vize pou bay jèn jenerasyon yo opòtinite monn dijital la ofri. Inisyativ sa a ale pi lwen pase fwontyè peyi DAyiti gras ak yon kolaborasyon ak Club Syantifik Etidyan Inivèsite Virtuel Burkina Faso, kidonk pèmèt Appolon pataje konesans li ak jèn ki soti nan Burkina Faso, e byento, lòt peyi Lafrik. Li tou: https://haitiwonderland.com/haiti/personnalite/expert-en-seo-et-uiux-design--decouvrez-le-developpeur-haitien-appolon-guy-alain/65 Pou Appolon, dijital reprezante yon poto esansyèl pou devlopman ekonomik peyi l ’, Appolon se konplètman angaje nan chanjman sa a. Sepandan, Apollo pa repoze sou lorye l ’yo. Li toujou anvi aprann, li kounye a s’ nan domèn tankou robotique ak entèlijans atifisyèl, ap tann pou defi tan kap vini an genyen. Si w ap chèche yon moun pou kreye sit entènèt ou a, Apolon se san dout pi bon chwa a. Pa ezite kontakte li sou paj Facebook oswa Instagram li, oswa vizite sit entènèt pèsonèl li nan https://www.appographic.com. Avèk Appolon Guy Alain, pwojè entènèt ou an se nan men ekspè ak kreyatif, pare pou pote lide ki pi nana ou yo bay lavi. Suiv Appolon sou Facebook : https://www.facebook.com/appolon.guyalain Linkedin : https://www.linkedin.com/in/appolon-guy-alain-298424113 Instagram : https://www.instagram.com/appolonguyalain65 Twitter : https://twitter.com/GuyAppolon Github : https://github.com/Appogithub

    Dènye piblikasyon yo

    Istwa

    Istwa

    Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.

    Bote natirèl

    Bote natirèl

    Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.

    Eritaj

    Eritaj

    Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.

    Kilti

    Kilti

    Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.