contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Dekouvri

Panye

Haïti
Haïti
Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yoHaïti
Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo
Haïti
  • 17 Avril 2025
  • | 0

Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo

Rassemblement pour une Entente Nationale (REN) se yon òganizasyon sosyete sivil ayisyèn ki angaje l’ pou yon Ayiti ki pi jis, plis enklizif, epi plis pwospè. REN kwè tout bon vre ke chanjman Ayiti ap depann anpil sou angajman sitwayen li yo, espesyalman jèn yo ak fanm yo, ki se poto mitan demen, sitou paske yo okipe yon gwo pati nan popilasyon an. Se nan vizyon sa a REN mete aksan sou fòmasyon, sansibilizasyon ak mobilizasyon gwoup sa yo pou ede yo pran konsyans sou kapasite yo gen pou mete chanjman sou pye pou devlopman peyi a.

HaïtiHaïti

Yon Nesesite

Jodi a, plis pase tout lòt lè, misyon sa a vin tounen yon nesesite. Ayiti ap fè fas ak yon kriz grav, konplèks epi ki dire lontan. Enstabilite politik, ensekirite k ap ogmante, lavi k ap vin pi difisil chak jou, efondreman enstitisyon yo — se kèk nan gwo sous kè sote jodi a. Tout sa frape popilasyon an nan plizyè nivo, epi jèn yo soufri plis. Nan kapital la pou egzanp (men sa pa vle di se sèlman la sa ap pase), jèn yo pa jwenn kote pou yo pran ti souf, pase bon tan, pale ak lòt, oswa jis souri. Gen anpil ladan yo k ap viv nan fristrasyon chak jou, bloke nan yon reyalite ki di, plen enkyetid ak dekourajman. Men, Ayiti pa bezwen yon jenerasyon jèn ki fristre ak izole. Pou peyi a soti nan kriz la, li bezwen jèn ki byen nan tèt yo, ki gen konfyans epi ki ini. Jèn ki ka reve, mete tèt ansanm, epi bati. Se nan sans sa a Fan Club REN lan vini.

HaïtiHaïti

Yon Espas Pou Respire, Rete Konekte, Rèv Ankò

Fan Club REN lan se yon inisyativ senp, men ki gen anpil pouvwa. Se yon espas kote jèn yo ka vin jwenn lapè, detant, jwe (jwet tradisyonèl, jwèt lespri, videyo...), pataje ansanm epi manje. Se yon ti poz ki akeyan nan lavi difisil yo, kote yo ka santi yo vivan, jèn, epi akonpaye.

Men sa pa limite sèlman ak plezi. Fan Club REN lan se tou yon kote pou aprantisaj enfòmèl, pou rankontre lòt jèn, pou pale sou sijè ki konsène yo. Sa fè lyen sosyal yo vin pi solid, epi li devlope lespri solidarite, respè, ak angajman. Jèn yo soti pi motive, pi prepare, epi pafwa, chanje nèt pa ti moman kontantman sa yo. REN montre pa inisyativ sa a, ou pa bezwen gwo mwayen pou fè yon diferans. Gen fwa, sa sèlman bezwen yon espas, yon ti kout zòrèy, manje, ak fratènite pou fè lespwa tounen. Epi ak lespwa, tout bagay posib.

Pataje
Konsènan otè a
Moise Francois

Editè jounalis, powèt ak apranti avoka.

Gade lòt atik Moise Francois
Kite yon kòmantè

Dènye piblikasyon yo

Rit ayisyen: Eksplore tradisyon mizik ak dans

Ayiti, yon peyi ki rich nan istwa ak divèsite kiltirèl, ofri yon trezò mizik inik atravè ritm kaptivan li yo. Mizik ayisyen an, ki anrasinen pwofondman nan fizyon diferan enfliyans Afriken, Ewopeyen yo ak Karayib la, konstitye yon ekspresyon vibran nan idantite nasyonal la. Youn nan eleman diferan nan mizik ayisyen an se divèsite ritm li, ki reflete plizyè aspè nan lavi chak jou, soti nan selebrasyon relijye nan moman lajwa ak lapenn. Rit ayisyen, ki pote enèji kontajye, se yon refleksyon nanm pèp ayisyen an. Youn nan estil mizik ki pi enkoni an Ayiti se konpa dirèk, ki te parèt nan ane 1950 yo. Ritm ki atire sa a, ansanm ak melodi ki kaptivan, te kaptire kè mondyalman. Bousòl dirèk la enkòpore fizyon diferan estil mizik, tankou djaz, mereng, ak eleman mizik tradisyonèl ayisyen an. Tradisyon mizik ayisyen yo pa limite a son kontanporen. Vodou, yon pratik espirityèl zansèt, gen yon gwo enfliyans tou sou mizik ayisyen an. Ritm vodou, souvan ki asosye ak seremoni relijye, kreye yon koneksyon pwofon ant espirityalite ak ekspresyon atistik. Anplis de sa, dans se inséparabl ak mizik ayisyen an. Mouvman yo grasyeuz ak enèjik nan dans tradisyonèl tankou rasin, konbine avèk ritm kaptivan, transpòte dansè ak espektatè nan yon mond kote ekspresyon kòporèl vin tounen yon fòm atizay vivan. Eksplore tradisyon mizik ak dans ann Ayiti se tankou plonje nan yon linivè kote istwa, kilti ak espirityalite yo ann amoni. Ritm sa yo, pase de jenerasyon an jenerasyon, se pi plis pase jis nòt; yo enkòpore nanm yon pèp ak richès divèsite li. Selebre tradisyon sa yo bay omaj a eritaj kiltirèl eksepsyonèl Ayiti ak kontribisyon anpil valè li nan sèn mizik mondyal la.

Newsletter

Abòne ak bilten nou an pou w rete enfòme de tout aktivite nou yo ak aktyalite sou Ayiti.

Dènye piblikasyon yo

Istwa

Istwa

Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.

Bote natirèl

Bote natirèl

Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.

Eritaj

Eritaj

Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.

Kilti

Kilti

Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.