Kafou: ACTIF ak JEUNES HAITI mete vwa yo ansanm pou di "DEMEN KA BÈL"
Òganizasyon "Action Communautaire de Transformation et d’Intégration Formelle" (ACTIF) ak asosiyasyon "Jeunesse Engagée pour l’Unité et l’Épanouissement d’Haïti" (JEUNES HAITI) reyalize 25 pou rive 29 mwa dawout ki sot pase a, 5 jounen fòmasyon sou tematik antreprenarya pou yon trantèn jèn fi ki gen ant 18 ak 30 lane nan Kafou. Fòmasyon sila a te fèt nan lokal "The Chritian Academy" ki chita kò l nan Mawotyè 75.
Aktivite sila a te òganize nan kad pwojè "Demen ka bèl" ke 2 òganizasyon yo ap mennen. Se yon pwojè k ap fè pwomosyon pou epanouyisman pèsonèl ak pwofesyonèl jèn fi ak jèn gason. Nan sans sa a, òganizasyon patnè yo konte òganize yon seri atelye fòmasyon sou divès tematik tankou atelye inisyasyon nan antreprenarya, elaborasyon ak jesyon pwojè kominotè, maketin dijital ak rekiperasyon pou tout rès ane a. Pwojè sila a sible komin Kafou ak zòn ki viwonnen l yo.
Gade tou
Lansman pwojè "Demen ka bèl la" se yon reyisit total kapital daprè òganizatè yo. Leblanc Blondy Wolf Gabynho, DG ai ACTIF la pa kache satisfaksyon l. Li di: "Nou totalman satifè de dewoulman fòmasyon sila a. Nou te trè kontan wè angouman patisipan, animatris ak animatè yo pandan 5 jounen sa yo. Se te yon veritab espas echanj sou lavi, sou yon demen miyò".
Pou klotire atelye a, òganizatè yo anonse yon konkou pwojè antrepriz. Gayan ap gen pou l resevwa yon prim senbolik 30 000 goud plis lòt akonpayman nan konsèy jiridik, kreyasyon sit wèb, maketin dijital, elt.
Bebeto Jean Jacques
Li atik la an :













































































