contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Dekouvri

Panye

Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak Evolisyon
Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak Evolisyon
Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak Evolisyon

Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak Evolisyon

Kreyòl Ayisyen an, ki pran nesans nan 17èm syèk la pandan kolonyalizasyon Lafrans sou zile Hispaniola a, pa sèlman yon zouti kominikasyon; li se yon pati esansyèl nan idantite Ayisyen an. Malgre li te rekonèt kòm lang ofisyèl nan ane 1987, fransè a toujou konsidere kòm lang elit, sa ki kreye yon divizyon sosyal. Nan sistèm edikatif la, kote fransè a se lang ansèyman, Kreyòl la souvan neglije, sa ki afekte kapasite elèv yo pou konprann sa y ap aprann yo, espesyalman pou timoun ki soti nan zòn riral. Li gen yon estrikti gramatikal inik ki fasilite aprantisaj, li sèvi kòm yon mwayen ekspresyon kiltirèl nan literati, mizik, ak lòt atizay. Avansman teknoloji a ap pèmèt Kreyòl jwenn plis vizibilite nan medya sosyal, men stigmatizasyon lang lan toujou egziste. Se poutèt sa, li enpòtan pou Kreyòl la jwenn valorizasyon nan edikasyon ak lòt sektè, pou pèmèt nouvo jenerasyon k ap vini a grandi ak fyète pou eritaj yo.

Lang Kreyòl Ayisyen, ki se premye lang pou majorite moun nan peyi dayiti, pa sèlman yon mwayen pou kominike, men tou li se yon refleksyon richès kiltirèl ak istwa pèp la. Nan yon peyi ki chaje ak divèsite, Kreyòl la ak orijin li, evolisyon li ak plas li nan sosyete a, se yon temwayaj nan rezistans ak adaptasyon.

Orijin Kreyòl Ayisyen

Kreyòl Ayisyen an se yon lang ki te pran nesans nan 17èm syèk la, pandan Lafrans te etabli yon koloni nan lwès zile Hispaniola a, jodi a ki se Ayiti. Men orijin li remonte tou nan peryòd dominasyon espanyòl la. Lè espay te premye etabli yon kolonizasyon sou zile a nan 15èm syèk la, se te tayinòs yo ki te okipe espas la. Kontak de pèp sa yo te devlope nan mitan yo, yon zouti kominikasyon. Apre ekstèminasyon tayinòs yo, yo te al chèche nwa nan divès rejyon an afrik pou travay nan plantasyon yo. Rive nan koloni an, esklav nèg nwè yo pote kontribisyon pa yo nan emèjans zouti sa a avèk mo ki sot nan lang yo pale a.

Rezon ki fè lang kreyòl nou an gen yon baz leksikal fransè,se paske fransè yo te fè plis tan ap kolonize nou. Yo te pran kontwòl pati lwès zile a avèk trète wiswik nan lane 1697 pou rive 1804, yo te etabli yon sistèm ki te depann eksklizivman sou travay esklav Afriken yo. Kolon fransè yo te sèvi ak lang franse a kòm lang ofisyèl. Pandan esklav yo te chèche kominike youn ak lòt, menm ak kolon fransè yo. Vin gen kreyasyon yon nouvo lang ki te fasilite kominikasyon ant diferan gwoup moun sa yo. Kreyòl la, ki gen baz leksikal fransè ,men enkòpore anpil mo ak estrikti gramatikal ki sòti nan lang Afriken yo,lan tayinos yo ak lang espanyòl l, sa ki fè li yon lang rich ak dinamik.

Nan lane 1987, lang Kreyòl Ayisyen an te rekonèt kòm lang ofisyèl nan konstitisyon peyi a, sa ki te reflete yon chanjman nan panse politik ak sosyal peyi a. Anpil Ayisyen, te wè sa kòm yon rekonesans idantite kiltirèl yo. Men, malgre sa, anpil moun te toujou kwè lang fransè a, ki te konsidere kòm lang elit la, te pi bon. Sa a te kreye yon divizyon ant moun ki pi alèz pou pale Kreyòl la ki se lang matènèl yo ak sa yo ki ka di de mo fransè e ki bay lang sa a plis valè to

Estrikti ak Dimansyon Kreyòl Ayisyan

Kreyòl Ayisyen an gen yon estrikti gramatikal ki menmjan ak tout lang, li inik nan konpreyansyon ak itilizasyon. Lang sa a gen pwòp règ li, sa ki pèmèt kominote a kominike avèk efikasite san konfizyon. Pa egzanp, Kreyòl la pa gen fè vèb ak yon sistèm ki baze sou tan, sa ki rann li pi aksesib pou moun ki ap aprann li. Sa fè li yon lang ki adapte ak bezwen kominote a, pèmèt yon pi bon konpreyansyon ak yon pi fasil entèraksyon.

Fonoloji ak mòfoloji Kreyòl Ayisyen an se lòt aspè ki fè li enteresan. Kreyòl la gen 32 fonèm, ki enkli vwayèl ak konsòn. Sistèm fonolojik la pèmèt distenksyon ant mo yo, sa ki esansyèl pou konprann sans fraz yo. Mòfoloji a, ki konsène fòmasyon mo yo, pèmèt konbinezon yo pou kreye nouvo sans. Sa a montre kijan lang lan se yon sistèm ki dinamik.

Anplis aspè estrikti li yo, Kreyòl Ayisyen an sèvi tou kòm yon zouti pou ekspresyon kiltirèl. Nan mizik, literati, ak lòt fòm atizay, li se yon mwayen pou pataje istwa, tradisyon, ak valè kiltirèl ki enpòtan pou pèp la. Li se yon pati entegral nan idantite Ayisyen an ki pèmèt yo eksprime sa yo santi, sa yo panse, ak sa yo kwè. Li pa sèlman kòm yon zouti kominikasyon, men kòm yon pati vivan nan kilti Ayisyen an

Kreyòl Ayisyen nan Edikasyon

Malgre enpòtans li, Kreyòl Ayisyen an souvan neglije nan sistèm edikatif ann Ayiti. Lekòl yo sèvi ak lang fransè a kòm lang ansèyman, sa ki kreye yon baryè pou timoun ki sòti nan zòn riral, kote Kreyòl se lang matènèl. Baryè sa a ka afekte kapasite timoun yo pou konprann sa yo ap aprann, sa ki mennen nan yon mank enterè ak angajman nan edikasyon an. Mank itilizasyon Kreyòl nan klas yo tou kreye yon distans ant elèv yo ak sa yo ap etidye a, paske yo pa ka konekte avèk kontni an nan lang yo santi yo plis alèz ak li a.

Pou adrese pwoblèm sa a, dwe gen yon chanjman nan sistèm edikatif la ki ta dwe ankouraje itilizasyon Kreyòl kòm lang ansèyman. Entegre l nan edikasyon pa sèlman fasilite aprantisaj, men li valorize patrimwàn kiltirèl la, sa ki enpòtan pou devlopman yon sans de fyète ak idantite. Lè timoun yo aprann nan lang yo konnen depi yo piti, yo ka devlope yon pi bon konpreyansyon sou kontni an, e sa ka amelyore rezilta akademik yo.

Gen plizyè modèl ansèyman ki ka aplike pou soutni chanjman sa a, tankou ansèyman biling oswa triling, ki ka pèmèt elèv yo aprann nan matènèl yo tout pandan y ap ekspoze yo a lòt lang. Modèl sa yo ka ranfòse koneksyon ant elèv yo ak sa yo ap aprann. Anplis, sa a ka ede timoun yo devlope kapasite pou jere plizyè lang, sa ki se yon konpetans enpòtan nan yon mond ki vin globalize

Kreyòl Ayisyen: Yon Lang Vivan

Kreyòl Ayisyen an pa sèlman yon zouti pou kominikasyon; li se yon platfòm pou refleksyon sou istwa ak kilti Ayisyen an. Nan literati, anpil otè tankou Jacques Roumain ak Edwidge Danticat itilize Kreyòl nan travay yo,gen anpil lòt ki pibliye roman ak rekèy powèm yo an kreyòl, pou montre konpleksite ak bèlte lang lan. Sa a bay yon vwa pou ekspresyon kiltirèl ki pèmèt pèp Ayisyen an rakonte pwòp istwa yo, pataje tradisyon yo, ak reflechi sou defi yo.

Avèk avansman teknoloji a, Kreyòl Ayisyen an ap jwenn plas tikras pa tikras nan medya sosyal ak lòt platfòm dijital. Sa a pèmèt yon nouvo jenerasyon pou ekspresyon nan lang yo ak pou pataje kilti yo atravè mond lan. Anplis, itilizasyon Kreyòl nan medya dijital la kontribye nan amelyore vizibilite lang lan, sa ki enpòtan pou devlopman yon konsyans kiltirèl kolektif ak pou atire atansyon sou pwoblèm ki afekte kominote Ayisyèn nan.

Malgre pwogrè sa yo, anpil Ayisyen fè fas ak stigmatizasyon, ki ka fè yo santi yo ap degrade lè yo itilize lang matènèl yo, espesyalman nan kontèks administratif yo,ak espas ki asosue ak fransè. Se poutèt sa li enpòtan pou nou kontinye travay sou valorizasyon lang lan nan tout sektè, ki gen ladan edikasyon, medya, ak kilti. Se sèlman atravè efò sa yo ke Kreyòl la ka vin yon lang ki respekte, ki valorize, ak ki itilize nan tout aspè nan lavi Ayisyen an.

Pou fini, Kreyòl Ayisyen an nou te ka rele " lang ayisyen" an, li se yon pati esansyèl nan idantite pèp Ayisyen an. Avèk yon istwa ki ranpli ak rezistans ak adaptasyon, lang sa a dwe valorize kòm yon zouti pou edikasyon, kominikasyon ak ekspresyon kiltirèl. Pou yon avni pi klere pou Ayiti, li enpòtan pou mete Kreyòl la nan sant sistèm edikatif la, pou timoun yo ka grandi nan yon anviwònman ki respekte lang yo, kilti yo, ak idantite yo. Se sèlman lè nou valorize Kreyòl la kòm lang ansèyman, nou ap pèmèt yon jenerasyon ki gen plis konesans ak plis fyète nan eritaj yo.

Pataje
Konsènan otè a
Jarule Laguerre
Jarule Laguerre
Jarule Laguerre

    laguerrejarule916@gmail.com

    Gade lòt atik Jarule Laguerre
    Kite yon kòmantè

    Dènye piblikasyon yo

    Vertières, Fort Mazi : Verite istorik ;

    Si w gade mo vertière a nan yon diksyonè fransè, ou p ap jwenn li pou pè ke mond lan pa konnen kote sa a reprezante talon Achilles lame Ewopeyen an ki pi pwisan. Anplis de sa, yon sèl sa a te jis genyen siksè kanpay lès la. Istoryen fransè yo nan epòk la te efase kote jeyografik sa a nan rada listwa paske yo pa t vle rakonte istwa a jan li ye a nan sans esplike premye gwo imilyasyon lame ekspedisyonè franse a pa bann esklav ki te totalman inyorans nan atizay fè lagè, anpil mwens nan manyen zam yo. Sepandan, lagè analfabèt sa yo te mete lame Napoleon an, ki te pi pwisan nan epòk sa a, lè l sèvi avèk mwayen ki te genyen yo. Lame ekspedisyonè sa a, apre li te mete Ewòp ajenou, ta pral fè eksperyans premye dechoukay li pa esklav nan kote jeyografik sa a, ki sitiye nan depatman Nò Ayiti. Istwa komik, vil sa a pa sou lis mo fransè yo menm si yo bay enpòtans istorik li, li ta dwe nan kè istwa inivèsèl la, lwen pou l fini ak envensibilite lame ki pa venk la. Pou pa ofanse mèt blan yo, okenn lidè politik pa janm mande poukisa vertière pa parèt nan okenn diksyonè franse? Sepandan, yo selebre batay sa a ak gwo lapenn chak 18 novanm. Ala ipokrizi istorik pami dirijan nou yo! Apre Vertière anpil lòt kote istorik yo trangle pa istoryen yo nan lòd yo kache ekstrèm atwosite kolon franse yo sou esklav yo. Se nan kontèks trangle istorik sa a ke "Fort Mazi" pa mansyone nan liv listwa lekòl yo. Sa a sitiye nan Petit-Goave, 2yèm seksyon minisipal, lokalite Arnoux. Nou te rankontre mega fò sa a, pandan yon klinik mobil finanse antyèman pa Fondasyon Ernest Junior, yon fondasyon charitab ki travay nan sektè sosyal la, patikilyèman nan domèn atizay ak mizik Daprè rezidan yo, pi ansyen nan lokalite sa a, fò sa a kolon yo te bati sou omwen 20 kare latè. Se te yon gwo konplèks militè divize an konpatiman, avanpòs, chanm tòti, chanm pou trete kolon, yon gwo legliz Katolik, yon simityè. Sepandan, nou pa janm pale de fò sa a tèlman ke pwofesè listwa nan vil Petit-Goave inyore l. Sètènman, disparisyon an vle nan fò sa a anba rada a nan listwa antere atwosite yo, barbari yo, pinisyon ki pi iniman kolon yo sou esklav yo. Gade byen nan reyalite a, tout bagay sanble vre ke li se pi gwo fò ki te janm bati pandan peryòd kolonizasyon an. Anplis, li pwobableman sanble pi fò an relasyon ak enpòtans li. Sonje ke Vertière egziste sèlman nan liv listwa lekòl ayisyen yo alòske Fort Mazi pa parèt, pi piti nan diksyonè franse oswa liv istwa. Sa a eksplike poukisa fò sa a te yon kote sekrè kote kolon yo pratike krim ak atwosite ki te depase konpreyansyon moun. Èske se pa yon dezi klè nan istoryen yo kache sa ki fò sa a imans bati sou omwen 20 mozayik sou tè a te reyèlman? Dekouvri istwa Ayiti: Yon istwa kaptivan pou eksplore! : https://haitiwonderland.com/haiti/histoire/decouvrez-l-histoire-d-haiti--un-recit-fascinant-a-explorer/81

    Newsletter

    Abòne ak bilten nou an pou w rete enfòme de tout aktivite nou yo ak aktyalite sou Ayiti.

    Haïti : Île des Amoureux

    Kote ideyal la pou vakans, lin de myèl, randone, vizit vizite ak plis ankò. Zile paradi sa a, ki sitiye nan sid Ayiti, toupre Île-à-Vache, ofri yon anviwònman pitorèsk ki fè li yon destinasyon chwa. Yon ti kout wòch soti nan Île à Vache, yon zile 128 km² benyen nan dlo kristal klè nan Lanmè Karayib la, Île des Amoureux se yon bèl bijou yo eksplore an Ayiti. Jis 5.50 mil naval soti nan vil la kotyè nan Okay, zile sa a fasil pou jwenn. Vwayajè yo ka rive nan vil Okay la nan machin oswa patisipe pou vòl charter ki rive nan ayewopò rejyonal la. Soti nan pò Les Cayes, yon kout bato vwayaj 20 minit pral mennen ou nan destinasyon mayifik sa a. Istwa kaptivan Île à Vache ajoute yon dimansyon siplemantè nan eksperyans ou. Yon fwa yon refij pou pirat ak boukane, zile sa a te surnome "Treasure Island". Jodi a, li kontinye charme vizitè yo ak anbyans natif natal li yo, plaj primitif ak dlo kristal klè. Kit ou ap chèche pou detant plaj, avanti anba dlo, yon escaped amoure, yon avanti ekzotik oswa dekouvèt kiltirèl, Lovers’ Island gen tout bagay. Plonje nan dlo klè yo eksplore resif koray kolore, vwayaje nan vejetasyon Fertile, oswa tranpe nan atmosfè a trè aktif nan mache lokal yo. Pou koup kap chèche romans, pa gen anyen tankou yon promenade solèy kouche sou plaj la, ki te swiv pa yon dine chandèl anba zetwal yo. Lovers’ Island se pi plis pase jis yon destinasyon vakans, li se yon vrè refij lapè kote avanti ak detant rankontre. Si ou se yon renmen detant oswa yon avanturyé nan kè, zile sa a pral sedui ou ak cham natif natal li yo ak peyizaj mayifik. Anbake nan yon escaped inoubliyab epi dekouvri tout sa Ayiti gen pou ofri nan paradi zile sa a.

    Salon du Livre de Port-au-Prince anonse ouvèti enskripsyon otè pou dezyèm edisyon li

    Salon du Livre de Port-au-Prince se yon inisyativ literè òganizasyon kiltirèl Salon du Livre de Port-au-Prince (OCSLP), ki baze sou dezi pou ankouraje kilti ayisyen an an jeneral, ak anfaz patikilye sou literati. Òganizatè yo nan evènman an fèk anonse enskripsyon yo nan otè, ki moun ki pral nimewo 20, ak sa yo ki nan mezon piblikasyon, ki moun ki pral nimewo 5 pou dezyèm edisyon an, ki pral pran plas nan Vandredi Desanm 13 2024, nan lokal yo nan Enstiti franse a. an Ayiti. Dat limit enskripsyon an se Jedi 10 oktòb ane sa a. Tanpri sonje ke premye arive ki satisfè kritè obligatwa yo pral elijib pou patisipe nan dezyèm edisyon evènman an, dapre òganizatè yo. Seleksyon rijid ak restriksyon sa a nan sèlman 20 otè gen pou objaktif pou garanti yon eksperyans anrichisman pou otè yo ak piblik la, kidonk ankouraje echanj natif natal alantou travay yo prezante yo. Otè endepandan ak kay piblikasyon ki enterese enskri otè yo pou patisipe nan dezyèm edisyon sa a nan emisyon an envite pou soumèt aplikasyon yo atravè lyen sa a: https://form.jotform.com/louirardjohn8/salon-du-livre-de-port -au-prince. Pou kay piblikasyon ak distribisyon ki planifye pou yo ekspoze jou evènman an, ou ka enskri lè w klike sou lyen sa a: https://form.jotform.com/242596699603068. Yo mande w kontakte yo nan adrès sa a: salondulivre2023@gmail.com nan ka ta gen difikilte. Fwa Liv Pòtoprens toujou vle rete fidèl ak filozofi li, ki se ofri yon platfòm bay jèn otè yo epi ankouraje richès pwodiksyon literè ayisyen an, nan sipòte nouvo otè ki kontribye nan devlopman li. Evènman sa a se yon kontinyasyon nan premye edisyon an, ki vize pèmèt aparisyon nan yon anviwònman ki favorab nan echanj, kote otè jèn ka rankontre, pataje eksperyans yo epi angaje yo nan dyalòg ak lektè ak pwofesyonèl liv. Dapre òganizatè yo nan evènman an, patisipasyon ou kòm yon otè jèn yo pral esansyèl pou anrichi montre nan epi ofri yon eksperyans divèsifye nan vizitè yo. Envitasyon pou rantre nan inisyativ nòb sa a bay jèn otè ki poko pibliye 5 liv. Ou menm ki konsène, boul la se kounye a nan tribinal ou. Pa ezite fè jou sa a, 13 desanm 2024, yon jou inoubliyab pou tout moun ki renmen liv.

    Ayiti: Èske achte vòt yo dwe eli yon fòm koripsyon oswa estrateji politik?

    Sistèm politik demokratik la egzije pou patisipasyon aktif sitwayen yo nan jesyon vil la. Tout moun lib eksprime opinyon yo pou jesyon Harmony nan sosyete a. Anjeneral chwa ki genyen yo te fè soti nan òganizasyon an nan eleksyon gratis ak onèt. Sepandan, pafwa kandida yo sèvi ak vle di detounen reyalize bout yo. Èske nou ka konsidere zak sa a kòm yon fòm koripsyon oswa yon estrateji politik? Nan yon sosyete demokratik, òganizasyon eleksyon yo nan entèval regilye se yon enperatif. Manadjè yo jeneralman eli pa majorite nan votè yo, ki asire yo yon lejitimite sèten nan kad jesyon gouvènman an. Jodi a, pi plis ak plis, atravè mond lan, eleksyon yo yo kontwole pa pouvwa ekonomik. Sektè sa a bay yon anpil nan ajan kandida ki souvan achte sèvis yo medya yo nan lòd yo gen sèten vizibilite nan kominikasyon mas vle di (radyo, VAT, entènèt, elatriye) ak fè san yo pa kontrent anpil vwayaj trè chè, ki mande pou kapital menmen. By wout la, posibilite ke yon kandida ki gen mwayen finansye ki ba pou yo te eli se de pli zan pli redwi nan sosyete oksidantal yo. Malgre tout bagay, li ilegal pou achte vòt votè yo. Li se yon zak koripsyon ki ta dwe mennen nan sanksyon kriminèl. Pa gen sosyete ki ka tolere pratik sa a ki ta ka anpeche koripsyon nan sistèm demokratik la, epi, kidonk, nan sistèm elektora a. Sosyete sivil ak òganizasyon dwa moun yo dwe vijilan yo nan lòd pou fè pou evite sa yo galri danjere nan sistèm demokratik la. An reyalite, tantasyon an pou kòronp votè yo nan lòd yo jwenn aksè nan pozisyon elektif dwe denonse kòm yon zak koripsyon. Nan fè sa, ap mennen nan opozan politik ant devwa, ak lwa, paske sitwayen yo rele sou lib chwazi lidè yo nan lavil la. Alafen, òganizasyon eleksyon yo dwe fwi konsansis ant divès gwoup sistèm sosyal la. Manadjè yo dwe chwazi dapre kapasite yo nan bay repons adekwa nan pwoblèm ki gen nan konpayi an. Yo ka toujou benefisye de mwayen finansye pwisan nan men lòt patnè. Men, bay votè yo dirèkteman lajan se yon zak detektif kondanabl ki diminye otonomi a nan aksyon ak panse a votè yo. Nan sans sa a, vòt lèt la dwe reflete dezi a yo chwazi oswa bati yon jis, jis ak konpayi favorab.

    Dènye piblikasyon yo

    Istwa

    Istwa

    Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.

    Bote natirèl

    Bote natirèl

    Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.

    Eritaj

    Eritaj

    Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.

    Kilti

    Kilti

    Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.

    • +
      • Piblikasyon