contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Dekouvri

Panye

Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo
Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo
Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo

Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo

Rassemblement pour une Entente Nationale (REN) se yon òganizasyon sosyete sivil ayisyèn ki angaje l’ pou yon Ayiti ki pi jis, plis enklizif, epi plis pwospè. REN kwè tout bon vre ke chanjman Ayiti ap depann anpil sou angajman sitwayen li yo, espesyalman jèn yo ak fanm yo, ki se poto mitan demen, sitou paske yo okipe yon gwo pati nan popilasyon an. Se nan vizyon sa a REN mete aksan sou fòmasyon, sansibilizasyon ak mobilizasyon gwoup sa yo pou ede yo pran konsyans sou kapasite yo gen pou mete chanjman sou pye pou devlopman peyi a.

Haïti
Haïti
Haïti

Yon Nesesite

Jodi a, plis pase tout lòt lè, misyon sa a vin tounen yon nesesite. Ayiti ap fè fas ak yon kriz grav, konplèks epi ki dire lontan. Enstabilite politik, ensekirite k ap ogmante, lavi k ap vin pi difisil chak jou, efondreman enstitisyon yo se kèk nan gwo sous kè sote jodi a. Tout sa frape popilasyon an nan plizyè nivo, epi jèn yo soufri plis. Nan kapital la pou egzanp (men sa pa vle di se sèlman la sa ap pase), jèn yo pa jwenn kote pou yo pran ti souf, pase bon tan, pale ak lòt, oswa jis souri. Gen anpil ladan yo k ap viv nan fristrasyon chak jou, bloke nan yon reyalite ki di, plen enkyetid ak dekourajman. Men, Ayiti pa bezwen yon jenerasyon jèn ki fristre ak izole. Pou peyi a soti nan kriz la, li bezwen jèn ki byen nan tèt yo, ki gen konfyans epi ki ini. Jèn ki ka reve, mete tèt ansanm, epi bati. Se nan sans sa a Fan Club REN lan vini.

Haïti
Haïti
Haïti

Yon Espas Pou Respire, Rete Konekte, Rèv Ankò

Fan Club REN lan se yon inisyativ senp, men ki gen anpil pouvwa. Se yon espas kote jèn yo ka vin jwenn lapè, detant, jwe (jwet tradisyonèl, jwèt lespri, videyo...), pataje ansanm epi manje. Se yon ti poz ki akeyan nan lavi difisil yo, kote yo ka santi yo vivan, jèn, epi akonpaye.

Men sa pa limite sèlman ak plezi. Fan Club REN lan se tou yon kote pou aprantisaj enfòmèl, pou rankontre lòt jèn, pou pale sou sijè ki konsène yo. Sa fè lyen sosyal yo vin pi solid, epi li devlope lespri solidarite, respè, ak angajman. Jèn yo soti pi motive, pi prepare, epi pafwa, chanje nèt pa ti moman kontantman sa yo. REN montre pa inisyativ sa a, ou pa bezwen gwo mwayen pou fè yon diferans. Gen fwa, sa sèlman bezwen yon espas, yon ti kout zòrèy, manje, ak fratènite pou fè lespwa tounen. Epi ak lespwa, tout bagay posib.

Pataje
Konsènan otè a
Moise Francois
Moise Francois
Moise Francois

Editè jounalis, powèt ak apranti avoka.

Gade lòt atik Moise Francois
Kite yon kòmantè

Dènye piblikasyon yo

Newsletter

Abòne ak bilten nou an pou w rete enfòme de tout aktivite nou yo ak aktyalite sou Ayiti.

Chèz Dwa Konstitisyonèl Monferrier Dorval, yon jès Inivèsite Leta Ayiti, pou konsève memwa Pwofesè Dorval.

Chèz Dwa Konstitisyonèl Monferrier Dorval la se yon inisyativ gwo entansite entelektyèl, ke Inivèsite Leta d Ayiti (UEH), pran atravè lidèchip rektora li a, an akò ak dirijan Fakilte Dwa ak Syans ekonomik (FDSE). Objektif prensipal inisyativ la se pou onore ak perpétuer memwa vanyan ak briyan Pwofesè Monferrier Dorval, ki te asasinen nan sikonstans twoub sa gen plis pase twazan. E nan objektif pou fè yon kontribisyon syantifik nan gwo deba ki ap travèse sosyete ayisyen an depi anviwon dizan sou bezwen chanje oswa ou pa, konstitisyon 29 mas 1987 la te amande 11 me 2011 la. eseye aplike li de preferans. Si li ta dwe chanje, si chanjman sa a ta dwe radikal, sinon kisa li ta dwe genyen an tèm de chanjman nan yon nouvo lwa paran pou yon pi bon òganizasyon enstitisyon an Ayiti. Se pwofesè Henri Marge ki prezide chèz la syantifikman. Dorléans, (aktyèl chèf AFPEC), epi li se vis-prezidan dwayen fakilte lwa ak syans ekonomik yo, Me Eugène Pierre Louis. Prezidan an pran fòm yon seri konferans ak deba (15 an total), ki dewoule nan lokal biwo pwoteksyon sitwayen OPC, sou non Mèkredi Prezidan Dorval Monferrier. Se nan sans sa a pou senkyèm edisyon Chair Wednesday (ki te dewoule mèkredi 9 oktòb 2024 la nan OPC, an prezans pwotèktè sitwayen an, Me Renan Hédouville), atansyon te plase sou edikasyon nan deba ki antoure. devlopman posib yon nouvo konstitisyon pou Ayiti. 5yèm rankont sa a te dewoule sou tèm: "Edikasyon, Ansèyman, Rechèch, Syans ak Teknoloji". Konferans la te modere pa twa gran nan kominote entelektyèl ayisyen an, ki gen ladan de pwofesè eminan nan UEH a, nan ka sa a, Pwofesè Odonel Pierre Louis, direktè akademik nan École Normale Supérieure (ENS); vis-rektè UEH a, Pwofesè Jacques Blaise. Entèvansyon yo te swiv pa direktè enstiti nasyonal fòmasyon pwofesyonèl (INFP) Mesye Dikel Delvariste.

Dènye piblikasyon yo

Istwa

Istwa

Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.

Bote natirèl

Bote natirèl

Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.

Eritaj

Eritaj

Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.

Kilti

Kilti

Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.

  • +
    • Piblikasyon