contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Dekouvri

Panye

"Viv jounen Nou, Viv dwa Nou" : Yon jounen rekreyatif pou selebre adolesan yo malgre kriz la
 Viv jounen Nou, Viv dwa Nou  : Yon jounen rekreyatif pou selebre adolesan yo malgre kriz la
Viv jounen Nou, Viv dwa Nou : Yon jounen rekreyatif pou selebre adolesan yo malgre kriz la

"Viv jounen Nou, Viv dwa Nou" : Yon jounen rekreyatif pou selebre adolesan yo malgre kriz la

Samdi 7 jen 2025, soti 8 è nan maten pou rive 1 è apre midi, tout adolesan yo envite pou yo patisipe nan yon gwo Jounen Rekreyatif sou tèm sa a : "Viv jounen Nou, Viv dwa Nou". Evènman an ap òganize pa ministè REVIV, youn nan ministè ki nan legliz Rendez-Vous Christ, e li ap fèt nan lokal Kiskeya Chapel, Delmas 75. Pati a ap sòti nan RVC. N’ap fè sonje REVIV se ministè ki okipe adolesan ki gen laj 13 pou rive 19 an nan RVC.

Haïti
Haïti
Haïti

Yon nesesite

Ayiti ap travèse move moman. Timoun ak jèn yo ap fè fas ak anpil difikilte ki ap kite mak nan lavi chak jou yo. Dwa pou jwi yon bon ti tan pitit toujou ap disparet pou l bay plas ak enkyetid chak jou. Se poutèt sa, chak espas ki pote kè kontan, pataj ak byenèt vin tounen yon trezò. Se misyon sa a REVIV ap pote pou jèn timoun ak adolesan yo nan dat 7 jen sa a. Inisyativ sa a se yon okazyon an lò pou fè tout peyi a ak mond lan sonje ke pitit toujou la, epi timoun yo gen dwa pou yo kontan malgre kriz la.

An reyalite, atravè aktivite sa a, REVIV ap bay timoun yo yon souf fre, pou raple yo ke lavi yo, dwa yo ak rèv yo enpòtan. Se tou yon envestisman ki gen anpil valè nan lavi yo chak jou, epi yon fason pou ede yo devlope malgre kriz peyi a. Nou sonje ministè sa a, ki anba direksyon Esther Medjine Charles, se yon espas kote jèn yo ka eksprime talan yo, pale sou sa k ap boulvèse yo, epi poze kesyon sou lavi yo. Rankont la fèt chak samdi nan lokal legliz la nan Fragneau, soti 9 è rive 11 è nan maten.

Haïti
Haïti
Haïti

Pwogram jounen an

Gen yon konkou foutbòl pou fanatik espò, sesyon dans pou mete kò an mouvman, divès jwèt pou amize ak kreye bon moman ansanm, epi animasyon mizikal ak anpil bèl sipriz. Tout sa a pou selman 250 goud. Ou ka rezève plas ou sou nimewo sa yo : +509 4497-5112 / +509 4356-8528 oswa al jwenn youn nan lidè REVIV yo nan legliz la.

Paske chak adolesan merite respire, ri, epi reve pa rate gwo randevou sa a ki se yon siy lespwa.

Pataje
Konsènan otè a
Moise Francois
Moise Francois
Moise Francois

Editè jounalis, powèt ak apranti avoka.

Gade lòt atik Moise Francois
Kite yon kòmantè

Dènye piblikasyon yo

Ajans SEO Ayiti: Ekspè nan SEO (Natural SEO)

Nan monn jodi a, kote prezans sou entènèt enpòtan anpil pou siksè biznis, se vizib sou motè rechèch esansyèl. Imajine sa: yon potansyèl kliyan ap chèche sèvis tankou ou an Ayiti. Li ouvri Google epi li tape yon bagay tankou b~"Haïti web agency"~b oswa b~"Haitian developer"~b. Kesyon an se: ki kote biznis ou klase nan rezilta rechèch sa yo? Nan ka nou an, b~Appo-graphic~b prezan nan twa premye rezilta yo pou rechèch la b~"Haïti web agency"~b ak b~Appolon Guy Alain~b okipe premye plas pou rechèch la sou b~"devlopè. Haitian"~b, gras a de nan atik nou yo byen optimize. Sa asireman garanti yo plis kontra, menm jan li garanti nou plis kontra, paske ou te jwenn nou nan mitan premye rezilta yo lè w ap fè rechèch sou referans natirèl an Ayiti ak SEO. Nan Haïti Wonderland, nou konprann enpòtans vizibilite sa a. Se poutèt sa nou travay pou asire ke biznis ou se nan mitan twa pi gwo rezilta rechèch pou mo kle ki enpòtan nan endistri ou, jan nou konnen majorite kliyan yo sèlman klike sou twa pi gwo rezilta sa yo. Sèvis nou yo kounye a konsantre sou ekri atik piblisite trè optimisé, ki fèt pou pouse ou nan tèt rezilta rechèch la. Nou ekri sou ou menm ak endistri ou, asire ke chak atik ak anpil atansyon vize atire atansyon a nan motè rechèch ak kliyan potansyèl yo. Nan kèk semèn sèlman, atik sa yo ka kòmanse plase nan pozisyon an tèt rezilta rechèch yo, bay ogmante vizibilite ak kondwi trafik sou sit entènèt ou oswa paj medya sosyal yo.

Newsletter

Abòne ak bilten nou an pou w rete enfòme de tout aktivite nou yo ak aktyalite sou Ayiti.

Dènye piblikasyon yo

Istwa

Istwa

Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.

Bote natirèl

Bote natirèl

Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.

Eritaj

Eritaj

Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.

Kilti

Kilti

Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.

  • +
    • Piblikasyon