Edikanèt, yon inisyativ dijital an favè lang kreyòl ayisyen
Edikanèt se yon òganizasyon ki angaje nan edikasyon an lang kreyòl ayisyen sou entènèt. Li te fonde an 2019 nan Lise Toussaint Louverture. Òganizasyon an ap travay pou mete lang kreyòl la an valè, bay li rekonesans epi ankouraje itilizasyon li nan tout espas edikatif, sosyal ak enstitisyonèl peyi a. Se twa jèn militan ki angaje pou koz sa a ki mete l sou pye: Luc Cadet FIGARO, Alan Joe JEAN, ak Marcus JUSMA.
Depi kòmansman, Edikanèt te fikse tèt li kòm misyon prensipal pou ankouraje ansèyman an kreyòl nan tout zòn peyi a; ekri materyèl pedagojik an kreyòl; konbat diskriminasyon lengwistik kont moun ki pale kreyòl; epi fè kreyòl tounen yon lang enstriksyon, kilti ak prestij. Inisyativ sa a soti nan yon konsyans sou jan lang kreyòl la toujou mete sou kote nan sosyete ayisyen an.
Dènye gwo aksyon yo te fè se te yon konkou jeni ki te fèt pandan mwa jiyè 2025, sou konesans jeneral: listwa Ayiti, jeografi, kilti ayisyen, matematik, grama kreyòl, ak lòt matyè ki gen rapò ak aprantisaj an kreyòl. Roobens D. Victor te ranpòte premye pri sou 113 patisipan.
Lang manman se yon zouti esansyèl pou devlopman imen. Edikasyon, ki se youn nan pi gwo faktè devlopman, mache pi byen lè li fèt ak lang elèv yo metrize plis. An Ayiti, prèske tout moun pale kreyòl. Menmsi li toujou sibi diskriminasyon an favè franse lang ansyen kolon kreyòl rete yon zouti pou ini moun, kèlkeswa diferans sosyal, kiltirèl oswa ekonomik.
Lemonn jodi a ap vin pi plis dijitalize, menm nan sosyete ki pa devlope tankou Ayiti. Sa ap tounen yon reyalite piti piti, sitou gras ak aksè pi laj moun genyen ak telefòn entelijan. Jodi a, anpil Ayisyen gen yon smartphone, ki pèmèt yo antre nan mond dijital la. Anplis, entèlijans atifisyèl ap gen yon gwo enpak sou mond lan demen. Se nan sans sa a Edikanèt ap evolye: li vize akonpaye jèn ayisyen yo nan anviwònman dijital k ap chanje a, pandan y ap mete lang manman yo an valè.
Tout moun konnen Ayiti ap travèse gwo kriz sekirite, espesyalman nan kèk zòn tankou zòn metwopoliten kapital la. Fas ak sitiyasyon sa a, gen anpil jèn ki chwazi teknoloji dijital kòm mwayen ekspresyon, aprantisaj ak mobilizasyon. Jèn ki dèyè pwojè Edikanèt la montre yo gen kreyativite e yo bay manti ak tout diskou ki vle fè jenès ayisyen an parèt tankou sèlman asosye ak vyolans ak kriz.
Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.
Bote natirèl
Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.
Eritaj
Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.
Kilti
Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.