contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Dekouvri

Panye

Haitian Otaku Party: Yon selebrasyon kilti Japonè nan Pòtoprens
Haitian Otaku Party: Yon selebrasyon kilti Japonè nan Pòtoprens
Haitian Otaku Party: Yon selebrasyon kilti Japonè nan Pòtoprens

Haitian Otaku Party: Yon selebrasyon kilti Japonè nan Pòtoprens

Le Haitian Otaku Party célèbre la culture japonaise à Port-au-Prince, offrant un espace créatif à la jeunesse haïtienne passionnée d’otaku.

Samdi 30 out 2025, kapital Ayiti ap akeyi youn nan evènman ki pi atann pou fanatik kilti pop Japonè nan peyi a. Òganize pa Tokumei HT Haitian Otaku Events, nouvo edisyon Haitian Otaku Party sa a ap yon gwo rasanbleman pou tout moun ki renmen anime, manga, jwèt videyo, ak cosplay.

Depi li te kreye an 2022, Tokumei HT mete tèt li kòm misyon pou rasanble tout fanatik kilti Japonè atravè evènman ki fèt pou selebrasyon, kreyativite ak enklizivite. Gwoup sa a sòti nan kèk zanmi ki te gen menm pasyon an, epi sèlman twa lane apre, li vin tounen yon aktè enpòtan nan kilti altènatif ayisyen an.

Haïti
Haïti
Haïti

Yon inisyativ ki sòti nan yon bezwen

"Tout sa te kòmanse ak yon senp konstatasyon: pa t gen espas pou jèn ayisyen ki renmen kilti otaku a," se sa Pedjean Corentin, sekretè jeneral òganizasyon an di nou. Se konsa Tokumei HT deside mete sou pye rankont kote chak moun ka eksprime tèt yo libnan mete kostim, fè desen oswa diskite sou dènye seri Japonè ki nan mode.

Anndan 3 zan sèlman, inisyativ la deja kreye yon kominote solid. Chak evènman vin atire plis patisipan, sa ki montre jan jèn ayisyen yo ap vin pi enterese nan kilti sa a.

Haïti
Haïti
Haïti

Yon jounen anime pa imajinasyon

Edisyon 2025 lan ap divize an 2 pati. Nan maten, soti 10è rive 2è apremidi, se timoun yo ki va mete nan mitan. Yap patisipe nan atelye desen manga, gade anime, epi jwe nan aktivite ki fèt pou timoun ak fanmi yo.

Apremidi a, soti 2è rive 8:30 PM, ap pi anime pou adolesan ak jèn granmoun. Ap gen tounwa jwèt videyo, kesyon-repons sou anime, karaoke, epi gwo konkou cosplay la. Se la kreyativite patisipan yo ap mete an valè pandan yap prezante pèsonaj pi renmen yo.

Bay valè ak talan yo
Haitian Otaku Party se tou yon opòtinite pou mete talan moun yo devan. Ap gen konkou pou fanatik jwèt videyo yo. Konkou cosplay la ap gen anpil rekonpans gras ak sipò GRINDERS TECH, ki va bay yon òdinatè pòtatif pou gran gayan an, epi lòt pri pou patisipan ki fè plis enpresyon.

Evènman an ouvè pou tout moun, san limit laj. Tikè ap disponib sou plas oswa sou platfòm PAMEVENTS. Timoun yo dwe akonpa ye pa yon granmoun pou rantre nan sesyon apremidi a.

Yon ti moman kreyatif nan yon lavi ki souvan difisil
Nan sitiyasyon



Yon ti moman kreyatif nan yon lavi ki souvan difisil
Nan sitiyasyon difisil Ayiti ap viv kounye a, kote jèn yo raman jwenn okazyon pou selebre oswa libere tèt yo, Haitian Otaku Party se tankou yon ti souf, yon espas ki bay espwa. Evènman an montre yon jenerasyon k ap chèche konekte ak rès mond lan, k ap eseye fè tande vwa li epi fè konnen li egziste.

Sitou, li se yon opòtinite pou fanatik manga yo mete tèt ansanm, pataje pasyon yo, epi santi yo fè pati yon kominote.

An rezime, evènman sa a pa sèlman yon fèt pou fanatik kilti pop Japonè se tou yon moman aprantisaj pou tout moun ki ta renmen konnen plis sou kilti Japon an.

Pataje
Konsènan otè a
Moise Francois
Moise Francois
Moise Francois

Editè jounalis, powèt ak apranti avoka.

Gade lòt atik Moise Francois
Kite yon kòmantè

Dènye piblikasyon yo

Ayiti: Dekouvri Lak Péligre

Nan kè majeste topografi ayisyen an, se yon bèl pyè bèl natirèl: Lake Péligre. Nich nan mòn yo nan rejyon santral Ayiti, lak atifisyèl sa a se yon bèl bagay pou rezidan lokal yo ak vizitè sezi menm jan. Soti nan kreyasyon istorik li rive nan enpòtans ekolojik li nan kontanporen, ann eksplore ansanm richès Lak Péligre. Orijin ak Istwa: Lac de Péligre se rezilta yon pwojè jeni anbisye ki te antreprann nan ane 1950. Nan epòk sa a, gouvènman ayisyen an, an kolaborasyon ak patnè entènasyonal yo, te antreprann konstriksyon baraj Péligre la sou rivyè Latibonit. Objektif prensipal la se te bay Ayiti gwo echèl elektrisite pandan y ap reglemante inondasyon rivyè pou pwoteje tè agrikòl anval. Ekoloji ak divèsite biyolojik: Anplis itilite li kòm yon sous enèji idwolik, Lake Péligre se lakay yo nan divèsite ekolojik rich. Dlo kalm nan lak la bay yon abita vital pou yon varyete de espès pwason natif natal, sipòte kominote lapèch lokal yo. Anplis de sa, forè ki antoure yo ak ti mòn ki sou fwontyè lak la se kay divès flora ak fon, ki kontribye nan prezèvasyon ekosistèm rejyonal la. Touris ak lwazi: Pou amater deyò ak amater lanati, Lake Péligre ofri yon foul moun nan opòtinite lwazi. Vizitè yo ka jwi vwayaj bato lapè sou dlo trankil nan lak la, ofri opinyon panoramique sou mòn ki antoure yo. Anplis de sa, santye randone nan forè kaka kleren pèmèt randone yo eksplore bote natirèl zòn nan. Lake Péligre reprezante pi plis pase yon senp kò dlo atifisyèl. Li se yon temwayaj vivan nan entèlijans imen ak bote natirèl Ayiti. Kòm yon destinasyon touris émergentes, li ofri vizitè yo yon eksperyans Immersion nan lanati, pandan y ap mete aksan sou enpòtans enpòtan nan konsèvasyon anviwònman an. Lè nou prezève trezò natirèl sa a, nou tou prezève avni dirab planèt nou an.

Newsletter

Abòne ak bilten nou an pou w rete enfòme de tout aktivite nou yo ak aktyalite sou Ayiti.

Repiblik Apatrid yo?

Ayiti ap fè tit nan lemonn. E sa pa bon nouvèl. Eksplwatasyon ayisyen yo raman reveye anpil enterè, men toujou gen yon tandans pou lonje dwèt sou abi yo, koule lank pou brase pikan nan bò, emèt an bouk pou retransmèt dezòd k ap rache. Pa gen okenn medya pou fè amand pou rezistans pèp sa a fè tèt di. Pa gen moun ki souliye rezistans feròs ki sèvi kòm gaz pou pèp sa a sispann nan ravin lanmò yo. E si sa a se te nan yon sèten mezi sèl fason pou pale sou peyi sa a finalman atire atansyon? Se 26 jiyè 2024. Je olenpik yo fèk kòmanse an Frans. 33yèm Olympiad modèn nan. Dekontrakte, dapre Forbes Magazine, Ayiti klase pami dis nasyon ki gen pi bon kostim, ak fyète nan twazyèm plas. Anmenmtan, a kilomèt de Lafrans, sou “Zile dezòd malen orchestrated”, Ayisyen pa menm reyalize nan ki pwen rekonesans sa a fwontyè ak iwoni. Yon paradoks ki gen evokasyon, enpopilè, gen anpil chans pou fè dezagreyab. Yon imaj ayeryen montre vil Pari nan tout bèl li, eklere tankou pòtay paradi a, ki reflete tout grandè Lafrans, tout mayifisans li te akeri pandan syèk yo, san omisyon kontribisyon nan san koule pa ’machin nan terib. nan kolonizasyon. Mwen fèmen zye mwen, mwen tounen nan tan, mwen wè ankò ti gason sa kite poukont li, pèdi san yo pa menm konnen li, kondane nan echèk san yo pa menm konprann li. Apre sa, gen lòt yo. Ti gason nan menm sitiyasyon an, oswa pi mal. Entèdi nan sosyete a, yo pa konnen ki sa lavi a sere pou yo. Yo fòme klas elegant moun majinalize yo, nan kapasite yo kòm kannay, bon pou anyen, ak kannay ki detounen nan bèl nan sosyete a. Kontras sa a atire mwen, e mwen mande pou yon ti moman si moun ki fè eksperyans dezòd la soti deyò yo konprann enjeux yo ak reyalite a nan sitiyasyon an. Anplis de sa, mwen sanble ke menm majorite ayisyen k ap viv sou teritwa a pa gen okenn lide sou aspè fondamantal ak esansyèl nan sitiyasyon an.

Ayiti: Istwa Premye nasyon Nwa lib nan mond lan

Ayiti, pèl Zantiy yo, se yon zile Karayib ak yon istwa rich ak konplèks. Sepandan, estati espesyal li kòm premye nasyon nwa gratis nan mond lan ba li yon plas inik nan annal listwa yo. Ti zile sa a te sèn nan yon revolisyon ekstraòdinè ki te lakòz endepandans, konsa make kòmansman yon nouvo epòk pou kominote nwa a ak abolisyon esklavaj la. Ann fouye nan istwa kaptivan nesans premye repiblik nwa a, Ayiti. b~Epòk kolonyal la ak esklavaj~b Istwa Ayiti a remonte ak arive Ewopeyen yo nan 15yèm syèk la, lè Christopher Columbus te dekouvri zile a. Kolon Ewopeyen yo, sitou panyòl ak franse, te entwodui esklavaj pou eksplwate resous zile a, tankou sik, kafe ak koton. Popilasyon endijèn Ameriken endijèn yo te dezime, sa ki te prepare wout la pou enpòtasyon masiv esklav Afriken yo. b~Revolisyon ayisyen an~b Nan dat 14 out 1791, esklav ayisyen leve kont moun k ap opresè yo, sa ki te pwovoke Revolisyon ayisyen an. Sou lidèchip figi emblématiques tankou Toussaint Louverture, Jean-Jacques Dessalines ak Henri Christophe, esklav ensije yo te enflije defèt lame Ewopeyen yo, demontre yon rezistans feròs ak yon demand dezespere pou libète. b~Deklarasyon Endepandans lan ak kreyasyon Repiblik Ayiti~b 1ye janvye 1804, Ayiti te pwoklame endepandans li, li te vin tounen premye nasyon nwa gratis nan mond lan. Deklarasyon istorik sa a senbolize fen esklavaj la ak triyonf volonte yon pèp ki deside viv lib. Repiblik Ayiti te fèt nan lit ak san, revandike otonomi li an fas ak pouvwa kolonyal yo. b~Defi apre endepandans~b Sepandan, endepandans pa t vle di fen defi pou Ayiti. Peyi a te oblije fè fas a presyon ekstèn, reparasyon Lafrans te enpoze an echanj pou rekonesans endepandans li, osi byen ke ajitasyon entèn yo. Malgre obstak sa yo, Ayiti te fè efò pou konstwi yon nasyon lib e souveren. Istwa Ayiti a se istwa yon nasyon ki te simonte defi inonbrabl pou parèt kòm yon pyonye libète pou popilasyon nwa a. Revolisyon ayisyen an rete yon egzanp inik nan rezistans, kouraj ak detèminasyon, e Ayiti kontinye pote flanbo endepandans la nan mond kontanporen an. Eritaj ti zile Karayib sa a toujou rete jodi a, li raple mond lan libète se yon dwa inivèsèl ki ka genyen menm nan sikonstans ki pi difisil yo.

Dènye piblikasyon yo

Istwa

Istwa

Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.

Bote natirèl

Bote natirèl

Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.

Eritaj

Eritaj

Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.

Kilti

Kilti

Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.

  • +
    • Piblikasyon