contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Dekouvri

Panye

Kafou: ACTIF ak JEUNES HAITI mete vwa yo ansanm pou di "DEMEN KA BÈL"
Kafou: ACTIF ak JEUNES HAITI mete vwa yo ansanm pou di  DEMEN KA BÈL
Kafou: ACTIF ak JEUNES HAITI mete vwa yo ansanm pou di DEMEN KA BÈL

Kafou: ACTIF ak JEUNES HAITI mete vwa yo ansanm pou di "DEMEN KA BÈL"

ACTIF ak JEUNES HAITI fòme plis pase 30 jèn fi nan antreprenarya nan Kafou nan kad pwojè "DEMEN KA BÈL" lan.

Òganizasyon "Action Communautaire de Transformation et d’Intégration Formelle" (ACTIF) ak asosiyasyon "Jeunesse Engagée pour l’Unité et l’Épanouissement d’Haïti" (JEUNES HAITI) reyalize 25 pou rive 29 mwa dawout ki sot pase a, 5 jounen fòmasyon sou tematik antreprenarya pou yon trantèn jèn fi ki gen ant 18 ak 30 lane nan Kafou. Fòmasyon sila a te fèt nan lokal "The Chritian Academy" ki chita kò l nan Mawotyè 75.

Aktivite sila a te òganize nan kad pwojè "Demen ka bèl" ke 2 òganizasyon yo ap mennen. Se yon pwojè k ap fè pwomosyon pou epanouyisman pèsonèl ak pwofesyonèl jèn fi ak jèn gason. Nan sans sa a, òganizasyon patnè yo konte òganize yon seri atelye fòmasyon sou divès tematik tankou atelye inisyasyon nan antreprenarya, elaborasyon ak jesyon pwojè kominotè, maketin dijital ak rekiperasyon pou tout rès ane a. Pwojè sila a sible komin Kafou ak zòn ki viwonnen l yo.

Gade tou


Lansman pwojè "Demen ka bèl la" se yon reyisit total kapital daprè òganizatè yo. Leblanc Blondy Wolf Gabynho, DG ai ACTIF la pa kache satisfaksyon l. Li di: "Nou totalman satifè de dewoulman fòmasyon sila a. Nou te trè kontan wè angouman patisipan, animatris ak animatè yo pandan 5 jounen sa yo. Se te yon veritab espas echanj sou lavi, sou yon demen miyò".

Pou klotire atelye a, òganizatè yo anonse yon konkou pwojè antrepriz. Gayan ap gen pou l resevwa yon prim senbolik 30 000 goud plis lòt akonpayman nan konsèy jiridik, kreyasyon sit wèb, maketin dijital, elt.

Bebeto Jean Jacques

Pataje
Konsènan otè a
Haïti Wonderland
Haïti Wonderland
Kite yon kòmantè

Dènye piblikasyon yo

Pap Jazz 2025, yon selebrasyon nan gwo kilti mizik ayisyen an

Dimanch 6 avril 2025, Karibe Convention Center nan Juvénat tounen yon veritab tanp kiltirèl pou fèmen 18yèm edisyon Festival Entènasyonal Jazz Pòtoprens (PAPJAZZ). Ane sa a, festival la te dewoule sou tèm "PAP JAZZ it UP", e se te nan twa sit ki sitiye prensipalman nan komin Pétion-Ville ke festival sa a te dewoule antyèman. Yon referans fèt nan Kwartye Latin, nan Sant Kiltirèl Ayiti-Brezil ak nan Otèl Karibe. Akòz sitiyasyon ki pa twò bon nan sant vil Pòtoprens nan dènye tan yo, yo te oblije abandone sit Enstiti Franse a. Sepandan, nou ka toutafè kalifye 18yèm edisyon Pap Jazz sa a kòm yon siksè. Se vre, festival sa a ki deja tounen yon evènman enpòtan nan ane ayisyen an, te make ane sa a sitou pa gwo rezilyans ak tenasite òganizatè yo ki te kapab adapte yo ak ritm peyi a pou yo ka satisfè festivalye fidèl yo. Malgre kontèks difisil la, festivalye sa yo pa t kite okenn opòtinite pou yo sove soti nan lavi difisil yo gras a mizik. Li enpòtan tou pou sonje ke 18yèm edisyon Pap Jazz la te reyalize apre de fwa li te repoze, nan kòmansman ane sa a, kote dènye a menm te fèt nan mwa mas paske de ensekirite. Se konsa, li apwopriye pou nou kalifye reyalizasyon moniman Foundation Haïti Jazz ak patnè yo kòm yon eksploatasyon eksepsyonèl, paske yo pa t dekouraje e yo te montre yon tenasite eksepsyonèl, pandan y ap adapte yo pou ofri Pòtoprens ak anviwònman li yo moman sa a nan devlopman, malgre doulè gwo vil la, atravè mizik. Yon pwogram ki sou nivo Ane sa a, òganizatè Pap Jazz yo te mete anpil aksan sou sa ke festival la dwe eksepsyonèl. Lè yo konsidere sitiyasyon difisil peyi a ap travèse depi kèk tan, Joelle Widmaier, direktè atistik festival la, te mete aksan sou depi nan konferans pou laprès ke yo te konsyan de sitiyasyon sa a. Se poutèt sa ane sa a, anplis atelye ak pèfòmans atis yo, te gen inisyativ tankou "Jazz pour Timoun" (Jazz pou timoun), "Jazz pour les enfants déplacés à cause de la violence dans les camps" (Jazz pou timoun deplase akòz vyolans nan kan), oswa "Mur de l’engagement" (Miray Angajman). Dènye inisyativ la te gen pou objektif ankouraje festivalye yo pran angajman pou byennèt peyi a atravè yon mesaj ekri ke yo ta pataje pita sou rezo sosyal.

Newsletter

Abòne ak bilten nou an pou w rete enfòme de tout aktivite nou yo ak aktyalite sou Ayiti.

Dènye piblikasyon yo

Istwa

Istwa

Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.

Bote natirèl

Bote natirèl

Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.

Eritaj

Eritaj

Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.

Kilti

Kilti

Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.

  • +
    • Piblikasyon