contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Dekouvri

Panye

Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak Evolisyon
Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak Evolisyon
Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak Evolisyon

Kreyòl Ayisyen an se idantite nou, li Merite Valorize : Istwa, Orijin ak Evolisyon

Kreyòl Ayisyen an, ki pran nesans nan 17èm syèk la pandan kolonyalizasyon Lafrans sou zile Hispaniola a, pa sèlman yon zouti kominikasyon; li se yon pati esansyèl nan idantite Ayisyen an. Malgre li te rekonèt kòm lang ofisyèl nan ane 1987, fransè a toujou konsidere kòm lang elit, sa ki kreye yon divizyon sosyal. Nan sistèm edikatif la, kote fransè a se lang ansèyman, Kreyòl la souvan neglije, sa ki afekte kapasite elèv yo pou konprann sa y ap aprann yo, espesyalman pou timoun ki soti nan zòn riral. Li gen yon estrikti gramatikal inik ki fasilite aprantisaj, li sèvi kòm yon mwayen ekspresyon kiltirèl nan literati, mizik, ak lòt atizay. Avansman teknoloji a ap pèmèt Kreyòl jwenn plis vizibilite nan medya sosyal, men stigmatizasyon lang lan toujou egziste. Se poutèt sa, li enpòtan pou Kreyòl la jwenn valorizasyon nan edikasyon ak lòt sektè, pou pèmèt nouvo jenerasyon k ap vini a grandi ak fyète pou eritaj yo.

Lang Kreyòl Ayisyen, ki se premye lang pou majorite moun nan peyi dayiti, pa sèlman yon mwayen pou kominike, men tou li se yon refleksyon richès kiltirèl ak istwa pèp la. Nan yon peyi ki chaje ak divèsite, Kreyòl la ak orijin li, evolisyon li ak plas li nan sosyete a, se yon temwayaj nan rezistans ak adaptasyon.

Orijin Kreyòl Ayisyen

Kreyòl Ayisyen an se yon lang ki te pran nesans nan 17èm syèk la, pandan Lafrans te etabli yon koloni nan lwès zile Hispaniola a, jodi a ki se Ayiti. Men orijin li remonte tou nan peryòd dominasyon espanyòl la. Lè espay te premye etabli yon kolonizasyon sou zile a nan 15èm syèk la, se te tayinòs yo ki te okipe espas la. Kontak de pèp sa yo te devlope nan mitan yo, yon zouti kominikasyon. Apre ekstèminasyon tayinòs yo, yo te al chèche nwa nan divès rejyon an afrik pou travay nan plantasyon yo. Rive nan koloni an, esklav nèg nwè yo pote kontribisyon pa yo nan emèjans zouti sa a avèk mo ki sot nan lang yo pale a.

Rezon ki fè lang kreyòl nou an gen yon baz leksikal fransè,se paske fransè yo te fè plis tan ap kolonize nou. Yo te pran kontwòl pati lwès zile a avèk trète wiswik nan lane 1697 pou rive 1804, yo te etabli yon sistèm ki te depann eksklizivman sou travay esklav Afriken yo. Kolon fransè yo te sèvi ak lang franse a kòm lang ofisyèl. Pandan esklav yo te chèche kominike youn ak lòt, menm ak kolon fransè yo. Vin gen kreyasyon yon nouvo lang ki te fasilite kominikasyon ant diferan gwoup moun sa yo. Kreyòl la, ki gen baz leksikal fransè ,men enkòpore anpil mo ak estrikti gramatikal ki sòti nan lang Afriken yo,lan tayinos yo ak lang espanyòl l, sa ki fè li yon lang rich ak dinamik.

Nan lane 1987, lang Kreyòl Ayisyen an te rekonèt kòm lang ofisyèl nan konstitisyon peyi a, sa ki te reflete yon chanjman nan panse politik ak sosyal peyi a. Anpil Ayisyen, te wè sa kòm yon rekonesans idantite kiltirèl yo. Men, malgre sa, anpil moun te toujou kwè lang fransè a, ki te konsidere kòm lang elit la, te pi bon. Sa a te kreye yon divizyon ant moun ki pi alèz pou pale Kreyòl la ki se lang matènèl yo ak sa yo ki ka di de mo fransè e ki bay lang sa a plis valè to

Estrikti ak Dimansyon Kreyòl Ayisyan

Kreyòl Ayisyen an gen yon estrikti gramatikal ki menmjan ak tout lang, li inik nan konpreyansyon ak itilizasyon. Lang sa a gen pwòp règ li, sa ki pèmèt kominote a kominike avèk efikasite san konfizyon. Pa egzanp, Kreyòl la pa gen fè vèb ak yon sistèm ki baze sou tan, sa ki rann li pi aksesib pou moun ki ap aprann li. Sa fè li yon lang ki adapte ak bezwen kominote a, pèmèt yon pi bon konpreyansyon ak yon pi fasil entèraksyon.

Fonoloji ak mòfoloji Kreyòl Ayisyen an se lòt aspè ki fè li enteresan. Kreyòl la gen 32 fonèm, ki enkli vwayèl ak konsòn. Sistèm fonolojik la pèmèt distenksyon ant mo yo, sa ki esansyèl pou konprann sans fraz yo. Mòfoloji a, ki konsène fòmasyon mo yo, pèmèt konbinezon yo pou kreye nouvo sans. Sa a montre kijan lang lan se yon sistèm ki dinamik.

Anplis aspè estrikti li yo, Kreyòl Ayisyen an sèvi tou kòm yon zouti pou ekspresyon kiltirèl. Nan mizik, literati, ak lòt fòm atizay, li se yon mwayen pou pataje istwa, tradisyon, ak valè kiltirèl ki enpòtan pou pèp la. Li se yon pati entegral nan idantite Ayisyen an ki pèmèt yo eksprime sa yo santi, sa yo panse, ak sa yo kwè. Li pa sèlman kòm yon zouti kominikasyon, men kòm yon pati vivan nan kilti Ayisyen an

Kreyòl Ayisyen nan Edikasyon

Malgre enpòtans li, Kreyòl Ayisyen an souvan neglije nan sistèm edikatif ann Ayiti. Lekòl yo sèvi ak lang fransè a kòm lang ansèyman, sa ki kreye yon baryè pou timoun ki sòti nan zòn riral, kote Kreyòl se lang matènèl. Baryè sa a ka afekte kapasite timoun yo pou konprann sa yo ap aprann, sa ki mennen nan yon mank enterè ak angajman nan edikasyon an. Mank itilizasyon Kreyòl nan klas yo tou kreye yon distans ant elèv yo ak sa yo ap etidye a, paske yo pa ka konekte avèk kontni an nan lang yo santi yo plis alèz ak li a.

Pou adrese pwoblèm sa a, dwe gen yon chanjman nan sistèm edikatif la ki ta dwe ankouraje itilizasyon Kreyòl kòm lang ansèyman. Entegre l nan edikasyon pa sèlman fasilite aprantisaj, men li valorize patrimwàn kiltirèl la, sa ki enpòtan pou devlopman yon sans de fyète ak idantite. Lè timoun yo aprann nan lang yo konnen depi yo piti, yo ka devlope yon pi bon konpreyansyon sou kontni an, e sa ka amelyore rezilta akademik yo.

Gen plizyè modèl ansèyman ki ka aplike pou soutni chanjman sa a, tankou ansèyman biling oswa triling, ki ka pèmèt elèv yo aprann nan matènèl yo tout pandan y ap ekspoze yo a lòt lang. Modèl sa yo ka ranfòse koneksyon ant elèv yo ak sa yo ap aprann. Anplis, sa a ka ede timoun yo devlope kapasite pou jere plizyè lang, sa ki se yon konpetans enpòtan nan yon mond ki vin globalize

Jean-Jacques Dessalines, lidè revolisyon ayisyen an
Jean-Jacques Dessalines, lidè revolisyon ayisyen an

Jean-Jacques Dessalines, lidè revolisyon ayisyen an

Nan annal istwa Ayiti, yon zile ki sitiye nan Karayib la nan papòt Gòlf Meksik la e ki pataje ak Repiblik Dominikèn, Jean-Jacques Dessalines parèt tankou yon Phoenix nan sann opresyon. Li te fèt esklav 20 septanm 1758 lakay Henri Duclos, nan Cormier (Grande-Rivière-du-Nord), nan koloni franse Sendomeng, Desalin se te yon kreyòl orijin Afriken (Afwo-Karayib). pandan abolisyon an 1794 reyalize atravè revòlt esklav, aktyèlman te sèvi kòm yon ofisye nan lame franse a pandan Revolisyon fransè a. Nan epòk sa a, lide libète ak egalite te nan kè enkyetid abitan koloni yo. Dessalines te patisipe aktivman nan batay kont fòs Panyòl ak Britanik yo, ansanm ak franse yo, nan Santo Domingo. Lè Jean-Jacques Dessalines te monte nan rang Lyetnan Jeneral, te vire kont franse yo pandan ekspedisyon Leclerc la, ke Bonaparte te voye Sen Domeng pou retabli otorite kolonyal ak esklavaj pandan Revolisyon ayisyen an. Apre yo te kaptire ak depòtasyon Tousen Louvèti an Frans nan dat 7 jen 1802, Desalin te pran yon wòl prensipal nan kontinye batay pou endepandans la. Li te dirije anpil batay, tankou batay Crête-à-Pierrot nan mwa mas 1802, kote li te galvanize sòlda li yo ak deklarasyon popilè li yo: "Kite moun ki vle rete esklav fransè yo kite fò a, se pou moun ki, okontrè, Ki moun ki vle mouri tankou moun ki lib, mete liy bò kote m ’." Nan dat 1ye janvye 1804, Jean-Jacques Dessalines te reyalize objektif endepandans yo te espere depi lontan lè li te pwoklame Ayiti kòm yon nasyon souveren, li te vin tounen dezyèm peyi nan Amerik yo ki te pran endepandans nan men yon pouvwa kolonyal. Li te vin premye lidè nasyon ki fèk fòme a e yo te rele l Anperè sou non James I. Sepandan, rèy enperyalis li a te make pa politik otoritè ak brital, tankou masak anpil kolon blan ak redistribisyon tè bay peyizan ki te nan men jeneral lame endepandans yo. Anplis de sa, li te òganize lachas pou delenkan nan vil la pandan y ap mete ann aplikasyon politik agrè solid, paske yo konsidere ke yo reprezante yon menas pou estabilite nasyon an, aksyon kontwovèsyal sa yo te lakòz divizyon nan sosyete ayisyen an. Desalin te asasinen 17 oktòb 1806 apre yon konplo kèk nan jeneral li yo te òganize nan lame ayisyen an, lanmò li te make fen peryòd kout men enfliyan li sou pouvwa a. Malgre konfli ki te genyen sou metòd li yo, yo rekonèt li kòm prensipal achitèk endepandans Ayiti e yo te onore non l an 1903 lè yo te atribiye a im nasyonal ayisyen an, La Dessalinienne, ki konpoze pa Justin Lhérisson. Finalman, gwo vizyonè Jean Jacques Dessalines. rete yon figi anblèm nan listwa Ayiti, rekonèt pou wòl li nan batay pou endepandans ak fen esklavaj nan rejyon an.

Kreyòl Ayisyen: Yon Lang Vivan

Kreyòl Ayisyen an pa sèlman yon zouti pou kominikasyon; li se yon platfòm pou refleksyon sou istwa ak kilti Ayisyen an. Nan literati, anpil otè tankou Jacques Roumain ak Edwidge Danticat itilize Kreyòl nan travay yo,gen anpil lòt ki pibliye roman ak rekèy powèm yo an kreyòl, pou montre konpleksite ak bèlte lang lan. Sa a bay yon vwa pou ekspresyon kiltirèl ki pèmèt pèp Ayisyen an rakonte pwòp istwa yo, pataje tradisyon yo, ak reflechi sou defi yo.

Avèk avansman teknoloji a, Kreyòl Ayisyen an ap jwenn plas tikras pa tikras nan medya sosyal ak lòt platfòm dijital. Sa a pèmèt yon nouvo jenerasyon pou ekspresyon nan lang yo ak pou pataje kilti yo atravè mond lan. Anplis, itilizasyon Kreyòl nan medya dijital la kontribye nan amelyore vizibilite lang lan, sa ki enpòtan pou devlopman yon konsyans kiltirèl kolektif ak pou atire atansyon sou pwoblèm ki afekte kominote Ayisyèn nan.

Malgre pwogrè sa yo, anpil Ayisyen fè fas ak stigmatizasyon, ki ka fè yo santi yo ap degrade lè yo itilize lang matènèl yo, espesyalman nan kontèks administratif yo,ak espas ki asosue ak fransè. Se poutèt sa li enpòtan pou nou kontinye travay sou valorizasyon lang lan nan tout sektè, ki gen ladan edikasyon, medya, ak kilti. Se sèlman atravè efò sa yo ke Kreyòl la ka vin yon lang ki respekte, ki valorize, ak ki itilize nan tout aspè nan lavi Ayisyen an.

Pou fini, Kreyòl Ayisyen an nou te ka rele " lang ayisyen" an, li se yon pati esansyèl nan idantite pèp Ayisyen an. Avèk yon istwa ki ranpli ak rezistans ak adaptasyon, lang sa a dwe valorize kòm yon zouti pou edikasyon, kominikasyon ak ekspresyon kiltirèl. Pou yon avni pi klere pou Ayiti, li enpòtan pou mete Kreyòl la nan sant sistèm edikatif la, pou timoun yo ka grandi nan yon anviwònman ki respekte lang yo, kilti yo, ak idantite yo. Se sèlman lè nou valorize Kreyòl la kòm lang ansèyman, nou ap pèmèt yon jenerasyon ki gen plis konesans ak plis fyète nan eritaj yo.

Pataje
Konsènan otè a
Jarule Laguerre
Jarule Laguerre
Jarule Laguerre

    laguerrejarule916@gmail.com

    Gade lòt atik Jarule Laguerre
    Kite yon kòmantè

    Dènye piblikasyon yo

    Chèz Dwa Konstitisyonèl Monferrier Dorval, yon jès Inivèsite Leta Ayiti, pou konsève memwa Pwofesè Dorval.

    Chèz Dwa Konstitisyonèl Monferrier Dorval la se yon inisyativ gwo entansite entelektyèl, ke Inivèsite Leta d Ayiti (UEH), pran atravè lidèchip rektora li a, an akò ak dirijan Fakilte Dwa ak Syans ekonomik (FDSE). Objektif prensipal inisyativ la se pou onore ak perpétuer memwa vanyan ak briyan Pwofesè Monferrier Dorval, ki te asasinen nan sikonstans twoub sa gen plis pase twazan. E nan objektif pou fè yon kontribisyon syantifik nan gwo deba ki ap travèse sosyete ayisyen an depi anviwon dizan sou bezwen chanje oswa ou pa, konstitisyon 29 mas 1987 la te amande 11 me 2011 la. eseye aplike li de preferans. Si li ta dwe chanje, si chanjman sa a ta dwe radikal, sinon kisa li ta dwe genyen an tèm de chanjman nan yon nouvo lwa paran pou yon pi bon òganizasyon enstitisyon an Ayiti. Se pwofesè Henri Marge ki prezide chèz la syantifikman. Dorléans, (aktyèl chèf AFPEC), epi li se vis-prezidan dwayen fakilte lwa ak syans ekonomik yo, Me Eugène Pierre Louis. Prezidan an pran fòm yon seri konferans ak deba (15 an total), ki dewoule nan lokal biwo pwoteksyon sitwayen OPC, sou non Mèkredi Prezidan Dorval Monferrier. Se nan sans sa a pou senkyèm edisyon Chair Wednesday (ki te dewoule mèkredi 9 oktòb 2024 la nan OPC, an prezans pwotèktè sitwayen an, Me Renan Hédouville), atansyon te plase sou edikasyon nan deba ki antoure. devlopman posib yon nouvo konstitisyon pou Ayiti. 5yèm rankont sa a te dewoule sou tèm: "Edikasyon, Ansèyman, Rechèch, Syans ak Teknoloji". Konferans la te modere pa twa gran nan kominote entelektyèl ayisyen an, ki gen ladan de pwofesè eminan nan UEH a, nan ka sa a, Pwofesè Odonel Pierre Louis, direktè akademik nan École Normale Supérieure (ENS); vis-rektè UEH a, Pwofesè Jacques Blaise. Entèvansyon yo te swiv pa direktè enstiti nasyonal fòmasyon pwofesyonèl (INFP) Mesye Dikel Delvariste.

    Newsletter

    Abòne ak bilten nou an pou w rete enfòme de tout aktivite nou yo ak aktyalite sou Ayiti.

    Dènye piblikasyon yo

    Istwa

    Istwa

    Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.

    Bote natirèl

    Bote natirèl

    Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.

    Eritaj

    Eritaj

    Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.

    Kilti

    Kilti

    Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.

    • +
      • Piblikasyon