contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Dekouvri

Panye

Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo
Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo
Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo

Fan Club REN : Yon Ti Poz Pou Jèn Ayisyen yo

Rassemblement pour une Entente Nationale (REN) se yon òganizasyon sosyete sivil ayisyèn ki angaje l’ pou yon Ayiti ki pi jis, plis enklizif, epi plis pwospè. REN kwè tout bon vre ke chanjman Ayiti ap depann anpil sou angajman sitwayen li yo, espesyalman jèn yo ak fanm yo, ki se poto mitan demen, sitou paske yo okipe yon gwo pati nan popilasyon an. Se nan vizyon sa a REN mete aksan sou fòmasyon, sansibilizasyon ak mobilizasyon gwoup sa yo pou ede yo pran konsyans sou kapasite yo gen pou mete chanjman sou pye pou devlopman peyi a.

Haïti
Haïti
Haïti

Yon Nesesite

Jodi a, plis pase tout lòt lè, misyon sa a vin tounen yon nesesite. Ayiti ap fè fas ak yon kriz grav, konplèks epi ki dire lontan. Enstabilite politik, ensekirite k ap ogmante, lavi k ap vin pi difisil chak jou, efondreman enstitisyon yo se kèk nan gwo sous kè sote jodi a. Tout sa frape popilasyon an nan plizyè nivo, epi jèn yo soufri plis. Nan kapital la pou egzanp (men sa pa vle di se sèlman la sa ap pase), jèn yo pa jwenn kote pou yo pran ti souf, pase bon tan, pale ak lòt, oswa jis souri. Gen anpil ladan yo k ap viv nan fristrasyon chak jou, bloke nan yon reyalite ki di, plen enkyetid ak dekourajman. Men, Ayiti pa bezwen yon jenerasyon jèn ki fristre ak izole. Pou peyi a soti nan kriz la, li bezwen jèn ki byen nan tèt yo, ki gen konfyans epi ki ini. Jèn ki ka reve, mete tèt ansanm, epi bati. Se nan sans sa a Fan Club REN lan vini.

Haïti
Haïti
Haïti

Yon Espas Pou Respire, Rete Konekte, Rèv Ankò

Fan Club REN lan se yon inisyativ senp, men ki gen anpil pouvwa. Se yon espas kote jèn yo ka vin jwenn lapè, detant, jwe (jwet tradisyonèl, jwèt lespri, videyo...), pataje ansanm epi manje. Se yon ti poz ki akeyan nan lavi difisil yo, kote yo ka santi yo vivan, jèn, epi akonpaye.

Men sa pa limite sèlman ak plezi. Fan Club REN lan se tou yon kote pou aprantisaj enfòmèl, pou rankontre lòt jèn, pou pale sou sijè ki konsène yo. Sa fè lyen sosyal yo vin pi solid, epi li devlope lespri solidarite, respè, ak angajman. Jèn yo soti pi motive, pi prepare, epi pafwa, chanje nèt pa ti moman kontantman sa yo. REN montre pa inisyativ sa a, ou pa bezwen gwo mwayen pou fè yon diferans. Gen fwa, sa sèlman bezwen yon espas, yon ti kout zòrèy, manje, ak fratènite pou fè lespwa tounen. Epi ak lespwa, tout bagay posib.

Pataje
Konsènan otè a
Moise Francois
Moise Francois
Moise Francois

Editè jounalis, powèt ak apranti avoka.

Gade lòt atik Moise Francois
Kite yon kòmantè

Dènye piblikasyon yo

Eksplorasyon kiltirèl: Dekouvri nanm ayisyen an

Eksplorasyon kiltirèl ofri yon fenèt kaptivan nan richès ak divèsite eritaj mondyal la. Pami destinasyon ki kaptive ak istwa yo, atizay ak idantite inik yo, Ayiti kanpe kòm yon bijou kiltirèl ki merite dekouvri. b~Eritaj istorik:~b Istwa Ayiti make pa detèminasyon pèp ayisyen an devan esklavaj, kolonizasyon ak defi politik yo. Li se premye eta endepandan nan Amerik Latin nan ak sèl la te fonde pa yon revòlt esklav siksè. Eritaj istorik Ayiti reflete nan atizay, mizik, dans ak kwayans li. b~Atis ak Atizana:~b Ekspresyon atistik ayisyen an vibran e pwisan. Penti nayif, pi popilè pou koulè klere li yo ak tèm naratif li yo, gen rasin li nan tradisyon Vodou ak folklò lokal yo. Atis ayisyen yo te genyen renome entènasyonal nan kaptire lespri mistik ak lavi chak jou nan peyi a. b~Mizik, ritm nanm ayisyen an:~b Mizik se nanm palman an Ayiti. Soti nan konpa dirèk pou rive vodou pou rive djaz pou rive nan rasin, chak gen mizik gen yon istwa ki byen anrasinen nan kilti ayisyen an. Gwoup ikonik la, Boukman Eksperyans, fusion ritm tradisyonèl ak enfliyans modèn, kreye yon eksperyans sonik inik ki depase limit. b~Danse ak mouvman:~b Dans an Ayiti se yon selebrasyon lavi ak espirityalite. Dans Vodou, tankou Yanvalou ak Banda, enkòpore rituèl sakre pandan y ap prezève eritaj Afriken. Mouvman yo grasyeuz ak kostim kolore rakonte istwa ki soti nan istwa ayisyen an, kreye yon koneksyon pwofon ant pase ak prezan. b~Espirityalite ak Vodou:~b Vodou, souvan mal konprann, se yon eleman esansyèl nan kilti ayisyen an. Li se yon relijyon sinkretik ki konbine eleman Afriken, Ameriken Endyen ak Katolik. Seremoni Vodou yo, ak dans entoksikan yo ak rituèl mistik yo, se ekspresyon pwisan nan espirityalite ayisyen an epi yo anrasinen nan rechèch la pou koneksyon ak zansèt ak divinite. Eksplore nanm ayisyen an vle di fouye nan yon monn kote listwa, atizay, mizik ak espirityalite mare pou fòme yon rezo kiltirèl inik. Ayiti, ak divèsite li ak rezistans, ofri yon eksperyans ki rich nan emosyon ak dekouvèt. Kit nan lari yo trè aktif nan Pòtoprens, nan galri atizay vibran yo oswa nan ritm yo kaptivan, chak kwen nan peyi Karayib sa a revele yon fasèt kaptivan nan nanm pwofon ak vivan li.

Newsletter

Abòne ak bilten nou an pou w rete enfòme de tout aktivite nou yo ak aktyalite sou Ayiti.

Mizik Ayiti: Atis Ayisyen Rutshelle Guillaume kouwone "Pi bon Atis Karayib" nan Trace Awards & Festival 2023

Sèn mizik entènasyonal la te eksitasyon samdi 20 oktòb 2023 lè chantè talan ayisyen Rutshelle Guillaume te kouwone "Pi bon Atis Karayib" nan prestijye Trace Awards & Festival 2023, ki te fèt nan Kigali, Rwanda. Prim sa a rekonèt yon karyè remakab ak yon kontribisyon enpòtan nan evolisyon mizik Karayib la. Rutshelle Guillaume se yon atis ki te kaptire kè moun ki renmen mizik grasa talan li pa nye ak anpil bon kalite pwodiksyon li yo. Trace Awards & Festival se yon evènman ki renome pou pwomosyon li nan mizik ak kilti Afrocentric. Li se yon platfòm ki selebre divèsite mizik Karayib la pandan y ap mete aksan sou kreyativite rejyon an. Atis Karayib yo onore pou kontribisyon eksepsyonèl yo nan anrichisman mizik mondyal la. Viktwa Rutshelle Guillaume nan evènman prestijye sa a se non sèlman yon omaj pou talan li, men tou se yon rekonesans nan richès mizik Karayib la ak kapasite li pou depase limit jewografik yo. Chantè ayisyen an te konnen kijan pou l enkòpore divèsite mizik sa a e li te touche kè anpil moun k ap koute atravè lemond. Karyè li, ki make pa tit memorab ak kolaborasyon ak lòt atis talan, fè li yon anbasadè pou mizik Karayib la sou yon echèl entènasyonal. Angajman li pou pwomouvwa kilti ayisyen ak Karayib la te ede ranfòse lyen ant atis nan rejyon an ak rès mond lan. Rutshelle Guillaume kontinye enspire anpil atis kap parèt epi montre ke pasyon, talan ak devouman ka mennen nan reyalizasyon ekstraòdinè. Viktwa li nan Trace Awards & Festival 2023 se yon omaj byen merite pou enfliyans li ak kontribisyon nye nan mizik Karayib la. Finalman, rekonesans Rutshelle Guillaume kòm "Pi bon Atis Karayib la" nan Trace Awards & Festival 2023 se yon rapèl sou pouvwa mizik la pou ini kilti yo ak selebre divèsite atistik. Se yon moman istorik pou atis ayisyen an e yon fyète pou tout Karayib la. Rutshelle Guillaume kontinye ap yon enspirasyon pou anpil atis ak moun ki renmen mizik atravè mond lan, e mizik li pral viv kòm yon temwayaj talan enkwayab li ak devouman nan atizay li.

Dènye piblikasyon yo

Istwa

Istwa

Premye nasyon nwa ki te libere tèt li anba esklavaj ak pran endepandans nan men Lafrans an 1804 e ki te enfliyanse lòt mouvman liberasyon atravè mond lan, enspire lit pou libète ak egalite.

Bote natirèl

Bote natirèl

Ayiti beni ak peyizaj natirèl espektakilè, ki gen ladan plaj sab blan, mòn ak divèsite biyolojik rich.

Eritaj

Eritaj

Ayiti gen yon eritaj istorik rich, ki gen ladan sit tankou Sitadèl Laferrière ak Palè Sans-Souci, ki nan lis UNESCO Mondyal Eritaj.

Kilti

Kilti

Ayiti gen yon kilti rich ak divèsifye, enfliyanse pa eleman Afriken, Ewopeyen yo ak endijèn. Mizik, dans, atizay ak kizin ayisyen yo selebre atravè lemond.

  • +
    • Piblikasyon