"Viv jounen Nou, Viv dwa Nou" : Yon jounen rekreyatif pou selebre adolesan yo malgre kriz la
Samdi 7 jen 2025, soti 8 è nan maten pou rive 1 è apre midi, tout adolesan yo envite pou yo patisipe nan yon gwo Jounen Rekreyatif sou tèm sa a : "Viv jounen Nou, Viv dwa Nou". Evènman an ap òganize pa ministè REVIV, youn nan ministè ki nan legliz Rendez-Vous Christ, e li ap fèt nan lokal Kiskeya Chapel, Delmas 75. Pati a ap sòti nan RVC. N’ap fè sonje REVIV se ministè ki okipe adolesan ki gen laj 13 pou rive 19 an nan RVC.